Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

fcafotodigital/E+ via Getty Images

Mennen yon vi vejetalyen — Ki sa Bib la di?

Mennen yon vi vejetalyen — Ki sa Bib la di?

 Toupatou sou tè a, gen anpil moun ki enterese pou yo vin vejetalyen, sa vle di pou yo pa manje vyann oswa okenn pwodui ki soti nan bèt.

  •   “Vejetalyen se yon fason moun panse ak yon fason yo viv kote yo fè tout sa ki posib pou yo pa fè bèt mal oswa pou yo pa manje vyann ni sèvi ak bèt pou fè rad oswa nenpòt lòt bagay.” — The Vegan Society.

 Gen moun ki vejetalyen paske yo enkyete pou bèt yo, men tou, gen moun ki vejetalyen paske yo vle pwoteje anviwònman an, sante yo oswa akoz relijyon yo.

  •   “Kontrèman ak pifò lòt chwa moun fè nan kesyon manje, mennen yon vi vejetalyen plis gen rapò ak sa moun nan kwè, yon kesyon moral, yon fason pou chak moun chanje monn nan pou l vin pi bon.” — Britannica Academic.

 Èske mennen yon vi vejetalyen se solisyon pou pwoblèm planèt nou an? Ki sa Bib la di?

Fason Kreyatè nou an wè moun ak fason l wè bèt

 Labib fè konnen Jewova a Dye, Kreyatè nou an, konsidere moun siperyè bèt e l te bay moun otorite sou bèt (Jenèz 1:27, 28). Rive yon lè, Bondye te bay lèzòm dwa pou yo manje bèt (Jenèz 9:3). Men, li pa dakò pou moun maltrete bèt. — Pwovèb 12:10.

 Selon Bib la, se chak moun ki gen dwa deside si y ap manje vyann ak si yo pap manje vyann. b Kèlkeswa chwa nou fè nan kesyon sa a, se pa sa k ap fè nou pi bon nan je Bondye (1 Korentyen 8:8). Pèsonn pa fèt pou kritike chwa yon lòt moun fè anrapò ak sa l chwazi manje oswa pa manje. — Women 14:3.

Sa k ap fè nou gen yon pi bon avni

 Bib la fè konnen se pa fason nou chwazi mennen lavi nou k ap rezoud pwoblèm monn nan. Anpil nan pwoblèm yo se sistèm politik, sosyal ak ekonomik monn nan ki lakòz yo e se yon sistèm pèsonn pa ka ranje. Bib la di:

 Kreyatè nou an pral rezoud pwoblèm n ap rankontre yo. Labib sèvi ak yon langaj senbolik pou l di sa Bondye pral fè.

  •   “Epi, mwen wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske, ansyen syèl la ak ansyen tè a disparèt, e lanmè a pa la ankò.” — Revelasyon 21:1.

 Bondye pral fè “yon syèl tounèf”, sa vle di Wayòm li an ki nan syèl la, ranplase “ansyen syèl la”, sa vle di gouvènman lèzòm yo. Wayòm li an pral retire “ansyen tè a”, sa vle moun ki mechan yo e l pral dirije “yon tè tounèf”, sa vle di moun ki aksepte soumèt anba otorite l.

 Se sèlman lè Wayòm Bondye a ap dirije lèzòm ap aprann ki jan pou yo viv ann amoni total ak bèt yo e ak anviwònman an. — Ezayi 11:6-9.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.

b Bib la ban nou lòd pou nou “kontinye evite […] san”. (Travay 15:28, 29.) Sa vle di nou pa dwe ni bwè san ni manje bèt ki pa senyen, nitou nou pa dwe manje okenn manje yo te mete san ladan l.