1 Wa 22​:​1-53

  • Jozafa fè alyans ak Ahab (1-12)

  • Mikaya anonse y ap pèdi batay la (13-28)

    • Yon zanj pral twonpe Ahab (21, 22)

  • Yo touye Ahab nan Ramòtgalaad (29-40)

  • Jozafa vin wa Jida (41-50)

  • Ahazya vin wa Izrayèl (51-53)

22  Pandan twazan, pa t gen lagè ant peyi Siri ak Izrayèl.  Nan twazyèm ane a, Jozafa+, wa Jida a, te desann al wè wa Izrayèl la+.  Epi, wa Izrayèl la di sèvitè l yo: “Èske nou konnen Ramòtgalaad+ se pou nou? Epoutan, n ap ezite pou nou pran l nan men wa Siri a.”  Apre sa, li di Jozafa: “Èske w pral avè m Ramòtgalaad pou n al goumen?” Jozafa reponn wa Izrayèl la: “Mwen menm avè w, nou se youn. Pèp mwen an ak pèp ou a fè youn. Cheval mwen yo ak cheval ou yo fè youn+.”  Men, Jozafa di wa Izrayèl la: “Tanpri, anvan sa, chèche konnen+ sa Jewova panse+.”  Se sa k fè wa Izrayèl la te rasanble tout pwofèt yo, anviwon 400 gason, e li di yo: “Èske m ta dwe atake Ramòtgalaad, oubyen m pa ta dwe fè sa?” Yo di l: “Monwa, ou mèt monte, Jewova ap lage l nan men w.”  Men, Jozafa di: “Èske pa gen yon pwofèt Jewova nan peyi a? Annou pale avè l tou+.”  Lè sa a, wa Izrayèl la di Jozafa: “Gen yon lòt moun ankò nou kapab pale avè l pou n konn sa Jewova panse+, men, mwen pa vle wè+ misye, paske li pa janm bay pwofesi ki bon pou mwen, se toujou sa ki mal li di+. Li rele Mikaya, li se pitit gason Imla.” Men, Jozafa di: “Monwa, pa di bagay konsa non!”  Se sa k fè wa Izrayèl la rele yon moun k ap travay pou li, li di l: “Kouri al chèche Mikaya, pitit gason Imla a+.” 10  Twouve, wa Izrayèl la ak Jozafa, wa Jida a, te chita, yo chak sou twòn pa yo, ak rad wa yo sou yo bò kote yo konn bat manje angren bò pòtay vil Samari a e tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo+. 11  Apre sa, Sedesyas, pitit gason Kenayana, te fè plizyè kòn an fè, epi li di: “Men sa Jewova di: ‘Avèk kòn sa yo, w ap pèse* moun Siri yo jiskaske w fin detwi yo nèt.’” 12  Tout lòt pwofèt yo t ap pwofetize menm jan an, yo t ap di: “Monte al Ramòtgalaad e w ap reyisi. Jewova ap lage l nan men w monwa.” 13  Moun ki t al chèche Mikaya a di Mikaya: “Tande, tout pwofèt yo pwofetize an favè wa a. Tanpri, se pou w di menm bagay ak yo, se pou w pale an favè wa a+.” 14  Men, Mikaya di: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman kèlkeswa sa Jewova di m, se sa m ap di.” 15  Apre sa, l al kot wa a, epi wa a di l: “Mikaya, èske nou ta dwe al atake Ramòtgalaad oubyen nou pa ta dwe fè sa?” Menm kote a, li di: “Ou mèt monte al atake l, w ap reyisi. Jewova ap lage l nan men w monwa.” 16  Lè sa a, wa a di l: “Konbyen fwa mwen dwe fè w fè sèman nan non Jewova se laverite sèlman pou w di m?” 17  Mikaya di l: “Mwen wè tout Izrayelit yo ki gaye sou mòn yo+ tankou mouton ki san bèje. Jewova di: ‘Yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’” 18  Epi, wa Izrayèl la di Jozafa: “Èske m pa t di w: ‘Li pa janm bay pwofesi ki bon pou mwen, se toujou sa ki mal li di+’?” 19  Mikaya di: “Ebyen, se pou w koute sa Jewova di. Mwen wè Jewova ki chita sou twòn li+ e tout lame syèl la kanpe bò kote l, sou bò dwat li ak sou bò goch li+. 20  Apre sa, Jewova di: ‘Kiyès k ap twonpe Ahab yon fason pou l monte Ramòtgalaad e pou li mouri la?’ Youn di yon bagay, epi yon lòt di yon lòt bagay. 21  Epi, gen yon zanj*+ ki vin kanpe devan Jewova e ki di l: ‘Mwen menm, m ap twonpe l.’ Jewova mande l: ‘Ki jan w ap fè sa?’ 22  Li reponn: ‘Mwen prale e m ap fè tout pwofèt li yo+ bay manti.’ Bondye di l: ‘W ap twonpe l, e mete sou sa, w ap reyisi. Ale, fè sa w di a.’ 23  Se konsa, Jewova kite yon zanj fè tout pwofèt sa yo ba w manti+ e Jewova deside pou l fè malè tonbe sou ou+.” 24  Lè sa a, Sedesyas, pitit gason Kenayana a, parèt devan Mikaya, li ba l yon kalòt epi li di l: “Kòmsi w vle di pouvwa Jewova te ban mwen an soti sou mwen e se avè w li sèvi pou l pale kounye a+?” 25  Mikaya di: “Gade! W ap konnen si se avè m l ap sèvi lè jou a rive pou w antre nan chanm ki pi anndan an pou w kache.” 26  Lè sa a, wa Izrayèl la di: “Pran Mikaya, mennen l bay Amon, chèf vil la, ak Jowas, pitit gason wa a. 27  Men sa pou w di yo: ‘Wa a di: “Mete nonm sa a nan prizon+, epi ba l pen ak dlo jiskaske m retounen sennesòf. Men, se pou n ba l pi piti pase sa n konn bay la.”’” 28  Lè sa a, Mikaya di: “Si w tounen sennesòf, ou mèt konnen Jewova pa t pale avè m+.” Apre sa, li di: “Se pou nou tout ki la a sonje sa.” 29  Se konsa, wa Izrayèl la ak Jozafa, wa Jida a, monte Ramòtgalaad+. 30  Epi, wa Izrayèl la di Jozafa: “M ap abiye yon fason pou yo pa rekonèt mwen e m ap antre nan batay la, men ou menm, se pou w met rad wa w sou ou.” Vrèmanvre, wa Izrayèl la abiye yon fason pou moun pa rekonèt li+ epi li antre nan batay la. 31  Wa peyi Siri a te bay 32 kòmandan li genyen ki te sou charyo yo+ lòd, li di yo: “Se ak wa Izrayèl la sèlman pou nou batay, pinga nou batay ak okenn lòt moun, piti kou gwo.” 32  Kou kòmandan ki te sou charyo yo wè Jozafa, yo di tèt yo: “Se wa Izrayèl la kanmenm.” Lè sa a, yo vire pou y al batay avè l. Epi, Jozafa mande sekou. 33  Lè kòmandan ki te sou charyo yo wè se pa wa Izrayèl la, menm kote a, yo sispann suiv li. 34  Men, gen yon mesye ki tire yon flèch konsa konsa, epi flèch la al pran wa Izrayèl la. Flèch la te pase nan fant jile li te gen sou li a ki te gen yon pakèt ti plak an fè ladan l. Lè sa a, wa a di moun ki t ap kondui charyo l la: “Kase tèt tounen, fè m soti nan batay la*, paske m blese grav+.” 35  Batay la te kontinye pandan tout jounen sa a, e yo te oblije soutni wa a pou l te ka ret kanpe nan charyo l la, devan moun Siri yo. San ki t ap sot kote wa a te blese a te vide anndan charyo a, e wa a mouri nan aswè+. 36  Lè solèy la t ap kouche, men ki sa yo te di sòlda Izrayèl yo byen fò: “Se pou chak moun tounen nan vil pa l! Se pou chak moun tounen nan peyi l+!” 37  Se konsa, wa a te mouri. Yo te mennen l Samari e se la yo te antere l. 38  Jan Jewova te di sa a+, pandan yo t ap lave charyo a nan pisin Samari a, chen te niche san Ahab, e te gen pwostitye ki t ap benyen la*. 39  Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Ahab yo, tout sa l te fè yo, kay* ann ivwa+ li te bati a ak tout vil li te bati yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo? 40  Apre sa, Ahab t al repoze bò kot zansèt li yo+ e Ahazya, pitit gason l+, te vin wa nan plas li. 41  Jozafa+, pitit gason Aza a, te vin wa sou Jida nan katriyèm ane rèy Ahab, wa Izrayèl. 42  Jozafa te gen 35 an lè l te vin wa, e li te dirije detan l Jerizalèm pandan 25 an. Manman l te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki. 43  Jozafa te kontinye imite tout sa Aza+, papa l, te fè. Li pa t fè ni adwat, ni agoch. Li te fè sa ki dwat nan je Jewova+. Men, li pa t retire kote ki wo yo te konn fè adorasyon yo e moun yo te kontinye fè sakrifis kote sa yo, yo te kontinye fè lafimen sakrifis yo monte pou dye yo t ap sèvi yo+. 44  Jozafa te kontinye gen bon relasyon ak wa Izrayèl la+. Te gen lapè antre yo. 45  Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jozafa yo, gwo bagay li te reyalize yo ansanm ak lagè li te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 46  Li te elimine tout gason nan peyi a ki t ap kouche ak gason nan tanp zidòl yo+, gason Aza, papa l+, pa t gentan elimine yo. 47  Nan epòk sa a, pa t gen wa ki t ap dirije Edòm+, se yon gouvènè ki te jwe wòl wa a+. 48  Jozafa te fè bato Tasis* tou pou y al chèche lò+ nan peyi Ofi, men bato yo pa t ale paske yo te fè nofraj+ Ezyongebè. 49  Lè sa a, Ahazya, pitit gason Ahab la, di Jozafa: “Kite sèvitè m yo ale ansanm ak sèvitè w yo nan bato yo.” Men, Jozafa pa t dakò. 50  Apre sa, Jozafa t al repoze bò kot zansèt li yo+. Yo te antere l bò kot zansèt li yo nan Vil David, zansèt li a, e Jeworam, pitit gason l+, te vin wa nan plas li. 51  Ahazya+, pitit gason Ahab la, te vin wa sou Izrayèl nan Samari nan 17yèm ane rèy Jozafa, wa Jida a. Li te dirije pèp Izrayèl la pandan dezan. 52  Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova, li te aji menm jan ak papa l+ ak manman l+, menm jan ak Jewobowam, pitit gason Nebat la, ki te fè Izrayèl peche+. 53  Li te kontinye sèvi Baal+, li te kontinye pwostène devan l e li te kontinye fè Jewova, Bondye Izrayèl la+, fache anpil, menm jan papa l te fè sa.

Nòt anba paj

Oswa: “pouse”.
Lit.: “espri”.
Lit.: “nan kan an”.
Se kapab tou: “nan pisin Samari a, kote pwostitye yo te konn benyen an, chen te niche san Ahab”.
Oswa: “palè”.