2 Wa 13​:​1-25

  • Jewoyakaz vin wa Izrayèl (1-9)

  • Jewowas vin wa Izrayèl (10-13)

  • Elize teste Jewowas pou l wè si l chofe pou batay la (14-19)

  • Elize mouri; zosman l resisite yon mesye (20, 21)

  • Dènye pwofesi Elize a reyalize (22-25)

13  Nan 23yèm ane rèy Jewowas+, pitit gason Ahazya+, wa Jida a, Jewoyakaz, pitit gason Jeyi+, te vin wa sou Izrayèl nan Samari, e li te dirije pandan 17 an.  Li pa t sispann fè sa ki mal nan je Jewova, e li te kontinye fè menm peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè pèp Izrayèl fè a+. Li pa t sispann pratike peche sa a.  Sa te fè Jewova an kòlè+ anpil kont Izrayèl+. Konsa, li te lage yo anba men Azayèl, wa Siri a+, epi anba men Bennadad+, pitit gason Azayèl, pandan tout epòk yo t ap dirije a.  Rive yon lè, Jewoyakaz sipliye Jewova pou l fè l favè e Jewova koute l, paske li te wè jan wa Siri a t ap toupizi Izrayèl+.  Jewova te bay Izrayèl yon sovè+ pou libere l anba men moun Siri yo. Konsa, Izrayelit yo te ka viv lakay yo jan yo te konn fè sa anvan an*.  (Men, yo te kontinye fè menm peche fanmi Jewobowam yo te konn fè a, peche li te fè Izrayèl fè a+. Yo pa t sispann pratike peche sa a*. Poto sakre ki fèt an bwa a*+ te toujou la nan Samari.)  Jewoyakaz te rete ak yon lame ki te gen sèlman 50 sòlda sou cheval, 10 charyo ak 10 000 sòlda apye, paske wa Siri a te detwi tout lòt yo+. Li te pilonnen yo tankou pousyè yo pilonnen lè y ap bat grenn+.  Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jewoyakaz yo, tout sa l te fè yo, tout gwo aksyon l te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo?  Apre sa, Jewoyakaz, al repoze bò kot zansèt li yo. Yo antere l Samari+, e Jewowas, pitit gason l, vin wa nan plas li. 10  Nan 37yèm ane rèy Jewowas, wa Jida a, Jewowas+, pitit gason Jewoyakaz, te vin wa ann Izrayèl nan Samari e li te dirije pandan 16 an. 11  Li pa t sispann fè sa ki mal nan je Jewova. Li te kontinye fè* menm peche Jewobowam, pitit gason Nebat la, te fè Izrayèl fè yo+. Li pa t sispann pratike peche sa yo. 12  Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Jewowas yo, tout sa l te fè, tout gwo aksyon l te fè yo ak fason li te goumen ak Amatsya, wa Jida a+, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Izrayèl yo? 13  Apre sa, Jewowas al repoze bò kot zansèt li yo e Jewobowam*+ chita sou twòn nan nan plas li. Yo te antere Jewowas Samari, menm kote ak lòt wa Izrayèl yo+. 14  Elize+ te vin malad e se maladi sa a ki t apral touye l. Jewowas, wa Izrayèl la, te vin kote l e li t ap kriye pou li. Li te di l: “Papa, papa, nou bezwen cha Izrayèl la ak kavalye Izrayèl yo*+!” 15  Lè sa a, Elize di l: “Pran yon banza* avèk kèk flèch.” Vrèmanvre, li pran yon banza avèk kèk flèch. 16  Elize di wa Izrayèl la: “Pran banza a kenbe nan men w.” Li pran banza a kenbe nan men l vre, epi, Elize mete men l sou men wa a. 17  Apre sa, li di l: “Ouvri fenèt ki bay nan direksyon lès la.” Vrèmanvre, li ouvri fenèt la. Elize di l: “Tire!” Li tire flèch la. Elize di l: “Sa a se flèch viktwa* Jewova bay la, flèch laviktwa sou* peyi Siri a. W ap gen pou w bat moun Siri yo nan vil Afèk+ jiskaske w fini avèk yo nèt.” 18  Apre sa, Elize di l: “Pran flèch yo.” Li pran flèch yo. Epi, Elize di wa Izrayèl la: “Frape yo atè a.” Li frape flèch yo atè a twa fwa epi li sispann. 19  Sa te fè Elize, sèvitè vrè Dye a, fache anpil kont wa a. Li di l: “Ou te dwe frape flèch yo atè a senk fwa oswa sis fwa, lè sa a ou t ap ka bat moun Siri yo jiskaske w fini avèk yo nèt. Men, kounye a se sèlman twa fwa w ap rive bat moun Siri yo+.” 20  Apre sa, Elize mouri e yo antere l. Chak ane, nan kòmansman ane a*, yon seri moun Mowab te konn vin vòlè+ nan peyi a. 21  Yon lè, pandan kèk moun t ap antere yon mesye, yo wè bann vòlè ki abitye vin vòlè nan peyi a. Menm kote a, yo voye kadav mesye a nan tonm Elize a epi yo kouri ale. Lè kadav mesye a kole ak zosman Elize, mesye a retounen vivan+ e li leve kanpe. 22  Azayèl, wa Siri a+, te toupizi pèp Izrayèl la+ pandan tout tan Jewoyakaz te fè ap dirije a. 23  Men, Jewova te kontinye fè Izrayèl favè. Li te kontinye demontre mizèrikòd pou yo+ e li te demontre li gen sousi pou yo akoz alyans li te fè ak Abraram+, Izarak+ ak Jakòb+ la. Li pa t vle fin elimine yo nèt e rive jis jodi a, li pa rejte yo. 24  Lè Azayèl, wa Siri a, mouri, Bennadad, pitit gason l lan, te vin wa nan plas li. 25  Annapre, Jewowas, pitit gason Jewoyakaz la, te repran vil Bennadad, pitit gason Azayèl la, te pran lè l t ap fè lagè ak Jewoyakaz, papa Jewowas. Jewowas te bat Bennadad pandan twa fwa+, e li te repran tout vil Izrayèl ki te nan men Bennadad yo.

Nòt anba paj

Sa vle di anpè e an sekirite.
Lit.: “pa t sispann mache ladan l”.
Lit.: “te mache nan”.
Anpalan de Jewobowam II.
Petèt se yon fason pou l mande Bondye oubyen reprezantan Bondye yo ede l.
Oswa: “liberasyon”.
Oswa: “liberasyon anba”.
Sanble se nan sezon prentan.