Amòs 1​:​1-15

  • Amòs resevwa yon mesaj Jewova bay (1, 2)

  • Jijman akoz rebelyon y ap plede fè yo (3-15)

1  Men mesaj Amòs*, youn nan moun ki t ap pran swen mouton nan Tekowa yo+, te resevwa dezan anvan tranblemanntè a+ nan yon vizyon konsènan Izrayèl nan epòk Ozyas te wa Jida+, ak nan epòk Jewobowam+, pitit gason Jowas+, te wa Izrayèl.  Li te di: “Jewova pral gwonde nan Siyon,E li pral fè tande vwa l byen fò nan Jerizalèm.Patiraj kote bèje yo konn mennen mouton yo al manje yo pral nan lapenn,E tèt Mòn Kamèl pral vin sèch+.”   “Men sa Jewova di:‘“Poutèt Damas ap plede fè rebelyon*, mwen pap chanje lide,Paske yo te bat Galaad ak fè tankou manje angren yo bat ak planch+.   Se sa k fè m ap voye yon dife sou kay Azayèl la+E l ap boule fòtrès Bennadad yo ki byen pwoteje+.   M ap kraze gwo bwa yo konn fèmen pòtay vil Damas yo+,M ap detwi moun ki sot Bikatavenn yoAk moun k ap dirije* nan Bètedenn yo.Epi, pèp Siri a pral ann egzil nan peyi Ki+.” Se sa Jewova di.’   Men sa Jewova di:‘“Poutèt Gaza ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,Paske yo te mennen yon pakèt moun ann egzil+ e yo te lage yo nan men Edòm.   Se sa k fè m ap voye yon dife sou miray Gaza a+,E l ap boule fòtrès li yo ki byen pwoteje.   M ap detwi moun ki rete Achdòd yo+Ak moun k ap dirije* nan Achkelon an+.M ap pini moun Ekwon yo+E rès moun Filisti yo ap peri+.” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.’   Men sa Jewova di:‘Poutèt vil Ti ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,Paske yo te mennen yon pakèt moun ann egzil e yo te lage yo nan men EdòmE paske yo pa t sonje alyans yo te fè antanke frè a+. 10  Se sa k fè m ap voye yon dife sou miray vil Ti yo,E l ap boule fòtrès li yo ki byen pwoteje+.’ 11  Men sa Jewova di:‘Poutèt Edòm ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,Paske li kouri dèyè pwòp frè l ak epe+E paske li derefize fè l mizèrikòd.Piske l an kòlè, li kontinye dechire yo san pityeE li ret fache avèk yo nèt+. 12  Se sa k fè m ap voye yon dife nan Teman+,E l ap boule fòtrès Bozra yo ki byen pwoteje+.’ 13  Men sa Jewova di:‘“Poutèt desandan Amon yo ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,Paske yo te fann vant fanm ansent ki nan Galaad yo pou yo ka gen plis tèritwa+. 14  Se sa k fè m ap met dife nan miray Raba a+,L ap boule fòtrès li yo ki byen pwoteje,Epi, ap gen yon gwo rèl nan jou batay laAk yon move tan nan jou van tanpèt la. 15  E wa desandan Amon yo pral ann egzil ansanm ak prens li yo+.” Se sa Jewova di.’

Nòt anba paj

Sa vle di: “Se yon chay” oswa “Ap pote yon chay”.
Chak fwa ekspresyon “ap plede fè rebelyon” an parèt nan chapit sa a, yon fason literal, se: “fè twa rebelyon, epi fè kat rebelyon”.
Lit.: “moun ki kenbe baton wa a”.
Lit.: “moun ki kenbe baton wa a”.