Egzòd 24​:​1-18

  • Pèp la dakò respekte alyans lan (1-11)

  • Moyiz sou Mòn Sinayi (12-18)

24  Apre sa, li di Moyiz: “Monte sou mòn nan pou w vin kot Jewova ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou+ ak 70 ansyen ki nan pèp Izrayèl la. N ap rete nan yon distans e n ap pwostène devan m.  Se Moyiz sèlman ki dwe pwoche bò kote Jewova, lòt yo pa dwe pwoche e pèp la pa dwe monte sou mòn nan avè l+.”  Apre sa, Moyiz al kot pèp la, li di yo tout sa Jewova te di e li fè yo konnen tout lwa l yo+. Tout pèp la te reponn ansanm: “Nou dakò fè tout sa Jewova di nou fè+.”  Apre sa, Moyiz ekri tout sa Jewova te di yo+. Epi, li leve byen bonè nan maten, li bati yon lotèl nan pye mòn nan e li mete 12 gwo wòch kanpe ki te reprezante 12 tribi Izrayèl yo.  Apre sa, li chwazi kèk jèn gason pami Izrayelit yo pou yo ofri sakrifis yo boule nèt e pou yo ofri Jewova bèf kòm sakrifis kominyon*+.  Epi, Moyiz pran mwatye nan san an, li mete l nan bòl e li wouze lotèl la ak lòt mwatye a.  Lè l fini, li pran liv alyans lan* e li li l byen fò devan pèp la+. Apre sa, yo di: “Nou dakò fè tout sa Jewova di nou fè. N ap obeyi l+.”  Lè sa a, Moyiz pran san an, li wouze pèp la avè l+ epi li di: “Sa a se san alyans Jewova fè avèk nou an selon tout pawòl nou fèk tande yo+.”  Moyiz, Arawon, Nadab, Abiyou ak 70 ansyen ki nan pèp Izrayèl la te monte nan mòn nan 10  e yo te wè Bondye Izrayèl la+. Anba pye l, te gen yon bagay ki sanble ak yon platfòm ki fèt ak pyè yo rele safi a e ki te klè tankou lè syèl la klè+. 11  Bondye pa t fè mesye yo te respekte ann Izrayèl yo anyen+. Yo te wè vrè Dye a nan yon vizyon, e yo te manje, yo te bwè. 12  Apre sa, Jewova di Moyiz: “Monte vin jwenn mwen nan mòn nan epi rete la. Mwen pral ekri lwa m yo ak kòmandman m yo sou wòch plat pou m anseye yo e m ap ba w wòch sa yo+.” 13  Lè sa a, Moyiz leve ansanm ak Jozye+, sèvitè l la, epi li monte nan mòn vrè Dye a+. 14  Men, anvan sa, li te di ansyen yo: “Ret tann nou la jiskaske nou retounen vin jwenn nou+. Nou gen Arawon ak Ou+ ansanm avèk nou. Si gen yon ka ki prezante, n a al jwenn yo+.” 15  Konsa, Moyiz te monte nan mòn nan pandan nyaj la te kouvri mòn nan+. 16  Glwa Jewova+ te rete la sou Mòn Sinayi+ e nyaj la te kouvri mòn nan pandan sis jou. Nan setyèm jou a, pandan Bondye nan mitan nyaj la, li rele Moyiz. 17  Pou Izrayelit yo ki t ap gade, glwa Jewova te tankou yon dife sou tèt mòn nan. 18  Lè sa a, Moyiz antre nan nyaj la e li monte nan mòn nan+. Moyiz te rete nan mòn nan pandan 40 jou, 40 nuit+.

Nòt anba paj

Oswa: “ofrann lapè”.
Sanble liv sa a te gen lwa nou jwenn nan Eg 20:22–23:33.