Jenèz 19​:​1-38

  • Gen zanj ki vizite Lòt (1-11)

  • Zanj yo mande Lòt ak fanmi l pou yo kite vil la (12-22)

  • Sodòm ak Gomò detwi (23-29)

    • Madan Lòt vin tounen yon poto sèl (26)

  • Lòt ak pitit fi l yo (30-38)

    • Jan Mowab ak Amon vin egziste (37, 38)

19  Nan aswè, de zanj yo rive Sodòm e Lòt te chita nan pòtay vil la. Lè Lòt wè yo, li leve l al rankontre yo e li koube jis atè+.  Li di: “Tanpri, mèt mwen yo, vin lakay sèvitè nou an pou n pase nuit lan e kite m lave pye nou. Apre sa, n a leve bonè pou n kontinye wout nou.” Yo di l: “Non, n ap pase nuit lan sou plas la.”  Men, li te tèlman pèsiste, yo t al lakay li avè l. Apre sa, li prepare bon manje pou yo e li fè pen san ledven. Epi, yo manje.  Yo potko menm al kouche pou yo dòmi, gason nan vil Sodòm yo, timoun kou granmoun, yo tout vin an foul, yo t ap fè bri e yo te ansèkle kay la.  Yo t ap rele Lòt byen fò e yo t ap di l: “Kot mesye yo ki te antre lakay ou aswè a? Mennen yo deyò a ban nou pou nou ka antre nan relasyon avè yo+.”  Alafen, Lòt sot deyò a al jwenn yo e li fèmen pòt kay la.  Epi, li di yo: “Tanpri, frè m yo, pa fè mechanste.  Men m gen de pitit fi ki poko antre nan relasyon ak gason. Tanpri, kite m mennen yo deyò a ban nou pou nou fè sa n vle avè yo. Men sèlman, pinga nou fè mesye sa yo anyen, paske se pwoteksyon* yo vin chèche lakay mwen+.”  Lè sa a, yo di l: “Retire kò w la!” Apre sa, yo di: “Nonm sa a pa gen pèsonn bò isit la, li vin ret la a epi l konprann pou l vin jije nou. Enben, nou pral fè w pi mal pase yo.” Epi, yo anvayi Lòt* e yo avanse pou yo kraze pòt la. 10  Se konsa, mesye yo* lonje men yo, yo rale Lòt vin jwenn yo anndan kay la e yo fèmen pòt la. 11  Men, yo fè moun ki te devan pòt kay la vin avèg, jèn kou granmoun. Konsa, moun yo te bouke chèche kote pòt kay la ye. 12  Apre sa, mesye yo di Lòt: “Èske w gen lòt moun nan vil la? Si w gen bofis, pitit gason, pitit fi ak tout lòt moun pa w nan vil la, fè yo kite zòn nan! 13  Paske nou pral detwi zòn sa a, piske gwo rèl k ap fèt kont moun sa yo fò anpil e li rive devan Jewova+. Se sa k fè Jewova voye nou vin detwi vil la.” 14  Epi, Lòt soti l al pale ak mesye* ki t apral marye ak pitit fi l yo, li di yo: “Fè vit kite zòn nan! Paske Jewova pral detwi vil la!” Men, pou mesye yo, sanble se blag li t ap bay+. 15  Twouve, kou solèy pral leve, zanj yo t ap chofe Lòt, yo t ap di l: “Fè vit! Pran madanm ou ak de pitit fi w yo ki nan kay la avè w yon fason pou w pa detwi ansanm ak vil la akoz peche l+.” 16  Jewova tèlman gen pitye pou Lòt+, lè mesye yo wè l ap pèdi tan, yo pran men l ak men madanm li ansanm ak men de pitit fi l yo, yo soti avè l epi y al mete l deyò vil la+. 17  Kou yo fin mennen l deyò vil la, youn nan zanj yo di l: “Chape poul ou pou w sove lavi w*! Pa gad dèyè+ e pa ret kanpe okenn kote nan zòn nan*+! Kouri al nan mòn pou w pa mouri!” 18  Lè sa a Lòt di yo: “Tanpri, Jewova, pa voye m la a. 19  Kounye a, ou fin fè sèvitè w la favè e w demontre anpil lanmou* pou mwen, piske w pwoteje lavi m*+. Men, mwen pa ka kouri al nan mòn paske mwen pè pou malè pa rive m, pou m pa mouri+. 20  Tanpri, men vil sa a toupre, mwen ka kouri al ladan l. Se yon ti zòn li ye. Tanpri, èske m ka kouri al ladan l? Se yon ti zòn li ye. Konsa, mwen pap mouri*.” 21  Lè sa a, Bondye di l: “Dakò! Poutèt ou menm+, mwen pap detwi vil ou di m nan+. 22  Kouri byen vit al lòtbò a, paske m pa ka fè anyen toutotan w pa rive lòtbò a+!” Se sa k fè li te rele vil la Sowa*+. 23  Solèy te gentan leve lè Lòt rive Sowa. 24  Apre sa, Jewova fè souf ak dife tonbe sou Sodòm ak Gomò tankou lapli. Se nan syèl la Jewova te fè l soti+. 25  Konsa, li te detwi vil sa yo, sa vle di tout zòn nan, tout moun nan vil yo ak plant nan zòn nan+. 26  Men, madanm Lòt, ki te dèyè Lòt, te kòmanse gad dèyè e li te tounen yon poto sèl+. 27  Abraram te leve granmmaten, l al kote li te kanpe devan Jewova a+. 28  Epi li voye je gade Sodòm ak Gomò ak tout zòn nan nèt e li wè sa k te pase a. Li wè yon gwo lafimen k ap monte nan peyi a tankou yon gwo lafimen k ap soti nan yon founèz+. 29  Konsa, lè Bondye te detwi vil nan zòn nan, se Abraram li te sonje lè l te fè Lòt kite vil li t ap detwi yo, kote Lòt te abite a+. 30  Annapre, Lòt kite Sowa ansanm ak de pitit fi l yo, l al abite nan mòn+, paske li te pè rete Sowa+. Li t al ret nan yon gwòt ak de pitit fi l yo. 31  Epi, pi gran pitit fi a te di sa k pi jèn nan: “Papa nou fin granmoun e pa gen gason nan peyi a pou ta antre nan relasyon avèk nou, jan sa konn fèt toupatou sou tè a. 32  Vini! Ann bay papa nou bwè diven, epi ann antre nan relasyon avè l pou fanmi papa nou ka toujou egziste.” 33  Konsa, jou swa sa a, yo te bay papa yo bwè anpil diven. Annapre, pi gran pitit fi a antre al kouche ak papa l, men papa a pa t konnen ni lè l te vin kouche avè l la ni lè l te leve. 34  Nan demen, pi gran pitit fi a di sa k pi jèn nan: “Yè swa, mwen te antre nan relasyon ak papa m. Ann ba l bwè diven ankò aswè a. Epi, ou menm, antre al kouche avè l pou papa nou ka gen yon desandans.” 35  Se sa k fè, jou swa sa a tou, yo te bay papa yo bwè anpil diven. Apre sa, pi jèn nan al antre nan relasyon ak papa l, men papa a pa t konnen ni lè l te vin kouche avè l la ni lè l te leve. 36  Se konsa toule de pitit fi Lòt yo te vin ansent pou papa yo. 37  Lè lè a rive, premye pitit fi a te fè yon tigason, li te rele l Mowab+. Se pitit sa a ki zansèt moun peyi Mowab yo ki la jounen jodi a+. 38  Sa ki pi jèn nan te fè yon tigason tou, li te rele l Bennami. Se pitit sa a ki zansèt desandan Amon yo+ jounen jodi a.

Nòt anba paj

Lit.: “lonbray”.
Oswa: “kwense Lòt anpil”.
Anpalan de zanj ki te pran fòm kò moun.
Lit.: “bofis li yo”. Selon koutim Ebre yo, yo te konn pale de moun ki fiyanse tankou yo te deja marye.
Oswa: “nanm ou”.
Pati ki sou anba nan Vale Jouden an.
Oswa: “nanm mwen”.
Oswa: “lanmou ki fidèl”.
Oswa: “nanm mwen ap viv”.
Sa vle di: “Tipiti”.