Pwovèb 28:1-28
28 Mechan an pran kouri san pèsonn pap kouri dèyè l,Men, moun ki jis la brav tankou yon lyon*+.
2 Lè moun nan yon peyi ap fè sa ki mal*, yo chanje chèf youn dèyè lòt+,Men, grasa yon moun ki gen bon jijman ak konesans, chèf la* fè anpil tan+.
3 Yon malere k ap dechèpiye yon moun ki pi ba+Tankou yon lapli ki bwote tout manje pot ale.
4 Moun ki pa suiv sa lalwa di fè lwanj pou moun ki mechan,Men, moun ki fè sa lalwa mande fache kont moun ki mechan+.
5 Mechan yo pa ka konprann sa ki dwat,Men, moun ki chèche Jewova ka konprann tout bagay+.
6 Pito yon moun malere, li ret fidèl nan tout bagayPase pou l rich epi li nan tout vye bagay+.
7 Yon pitit ki gen bon konprann fè sa lalwa mande,Tandiske yon moun ki fè zanmi ak moun ki aloufa fè papa l wont+.
8 Moun ki vin gen anpil richès nan pran enterè+ sou moun ak nan bay ponya,Sa l vin genyen yo ap vin pou moun ki ede malere yo+.
9 Yon moun ki refize obeyi lalwa,Menm lapriyè l fè bay degoutans+.
10 Moun ki twonpe moun ki dwat la pou l fè l pran yon move chemen ap tonbe nan twou li te fouye a+,Men, moun ki san repwòch la ap jwenn sa ki bon kòm eritaj+.
11 Moun ki rich la panse li gen sajès+,Men, malere ki gen bon jijman an ap wè kiyès li ye vre+.
12 Lè moun ki jis yo pot laviktwa, gen anpil glwa,Men, lè se mechan ki monte sou pouvwa, moun al kache+.
13 Moun ki kache peche l pap reyisi+,Men, moun ki konfese yo e ki pa fè yo ankò, y ap fè l mizèrikòd+.
14 Byennere moun ki toujou ap veye kò l*,Men, moun ki fè tèt di ap tonbe nan malè+.
15 Yon dirijan ki mechan k ap dirije yon pèp ki san sekouTankou yon lyon k ap gwonde ak yon lous k ap atake+.
16 Yon chèf ki pa gen bon jijman mal sèvi ak pouvwa l+,Men, moun ki pa renmen chèche avantaj nan move kondisyon ap viv lontan+.
17 Yon moun ki koupab paske l retire lavi yon moun* ap toujou nan kouri jiskaske l al nan tonm*+.E pinga pèsonn pote l sekou.
18 Moun ki mache dwat la ap sove+,Men, moun ki nan chemen kwochi a ap tonbe bridsoukou+.
19 Moun ki travay tè li ap gen anpil manje,Men, moun k ap kouri dèyè bagay ki san valè ap pòv nèt+.
20 Yon moun ki fidèl ap jwenn anpil benediksyon+,Men, yon moun k ap kouri dèyè richès pap ret inosan+.
21 Li pa bon pou yon moun nan paspouki+,Men, yon moun ka tonbe nan sa k pa sa pou yon moso pen.
22 Yon moun ki gen anbisyon* chofe pou l vin rich,Li pa konnen si l gen pou l vin pòv.
23 Moun ki korije moun+, y ap gen plis rekonesans pou li pi devan+Pase pou moun k ap achte figi moun.
24 Yon moun ki dechèpiye papa l ak manman l epi ki di: “Se pa yon bagay ki mal+”,Li nan menm lo ak vòlè+.
25 Moun ki ava* lakòz divizyon,Men, moun ki konte sou Jewova, zafè yo ap byen mache*+.
26 Yon moun ki kwè nan tèt li se yon moun ki sòt+,Men, moun ki aji avèk sajès ap jwenn delivrans+.
27 Moun ki bay moun ki malere pap manke anyen+,Men, moun ki fèmen je l pou l pa gade yo, anpil malediksyon ap tonbe sou li.
28 Lè se mechan ki monte sou pouvwa, moun al kache,Men, lè yo mouri, moun ki dwat yo vin anpil+.
Nòt anba paj
^ Oswa: “yon jenn lyon”.
^ Oswa: “ap fè rebelyon”.
^ Lit.: “li”.
^ Oswa: “ki pa janm pa gen lakrentif”.
^ Oswa: “ki koupab akoz san yon nanm”.
^ Oswa: “nan twou a”.
^ Oswa: “ki ava”.
^ Se kapab tou: “Nanm ki awogan an”.
^ Lit.: “moun ki konte sou Jewova ap vin gra”.