Eklezyas 7​:​1-29

  • Yon bon repitasyon ak jou lanmò (1-4)

  • Koreksyon moun ki gen sajès la bay (5-7)

  • Jan yon bagay fini pi bon pase jan l kòmanse (8-10)

  • Avantaj sajès bay (11, 12)

  • Bon jou ak jou malè a (13-15)

  • Evite al twò lwen (16-22)

  • Sa anseyan an vin konprann (23-29)

7  Yon bon repitasyon* pi bon pase yon bon pafen+, e jou lanmò yon moun pi bon pase jou l te fèt la.  Li pi bon pou yon moun al nan kay ki gen lanmò pase l al nan kay kote y ap fè fèt+, paske lanmò met fen nan lavi tout moun, e moun ki vivan yo dwe reflechi sou sa.  Li pi bon pou yon moun nan lapenn pase pou l ap ri+. Paske lè figi yon moun tris, sa fè l gen pi bon kè+.  Moun ki gen sajès la ale nan kay ki gen lanmò e li reflechi anpil sou lanmò, men moun ki sòt la toujou ap panse ak plezi*+.  Pito yon moun koute pawòl yon moun ki gen sajès ap di l pou l korije l+ olye li tande chante moun ki sòt yo.  Paske lè moun ki sòt la ap ri se tankou bri pikan k ap boule anba chodyè+. Sa a tou ap pase.  Lè yon moun ki gen sajès anba presyon, sa ka fè l pèdi tèt li, e kado yo bay moun anba anba ka fè yo vin gen move kè+.  Jan yon bagay fini pi bon pase jan l kòmanse. Pito yon moun gen pasyans pase l gen ògèy+.  Pa kouri* fache+, paske se moun ki sòt ki plede fache*+. 10  Pinga w di: “Poukisa tan lontan te pi bon pase tan n ap viv yo?” Paske, se pa sajès ki fè w poze kesyon sa a+. 11  Lè yon moun ki gen sajès gen yon eritaj, se yon bon bagay. Sajès se yon avantaj pou moun ki vivan yo*. 12  Paske, sajès se yon pwoteksyon+, menm jan lajan se yon pwoteksyon+. Epi, men avantaj yon moun ki gen konesans genyen: Si l gen sajès, sa ap pwoteje lavi l+. 13  Reflechi sou sa vrè Dye a fè, paske, kiyès ki ka fè sa l fè kwochi vin dwat+? 14  Lè yon jou bon pou ou, montre sa+. Men, nan jou malè a*, sonje se Bondye ki fè ni jou ki bon an ni jou malè a+, pou lèzòm pa ka konnen* sa k pral rive yo demen+. 15  Nan lavi ki san sans m ap mennen an+, mwen wè tout kalite bagay, mwen wè moun ki dwat ki mouri aktout y ap fè sa ki dwat+, e mwen wè moun ki mechan ki viv lontan malgre y ap fè sa ki mal+. 16  Pinga w vin jis twòp+, e pinga w montre w gen twòp sajès+. Poukisa pou w ta fè tèt ou mal+? 17  Pinga w vin twò mechan, e pinga w vin sòt+. Poukisa pou w ta mouri anvan lè w+? 18  Li pi bon pou w koute premye konsèy la* san w pa bliye dezyèm nan*+. Paske, moun ki gen lakrentif pou Bondye ap suiv toule de konsèy sa yo. 19  Sajès yon moun genyen fè l gen plis fòs pase dis gason vanyan nan yon vil+. 20  Paske, pa gen yon moun ki jis sou tè a ki toujou fè sa k byen e ki pa janm peche+. 21  Epitou, pinga w pran tout pawòl moun di oserye+, yon fason pou w pa tande sèvitè w k ap swete pou malè* rive w. 22  Paske, ou menm tou ou konnen byen anpil fwa ou konn swete pou malè rive lòt moun+. 23  Mwen te egzamine tout bagay sa yo avèk sajès, e mwen te di tèt mwen: “M ap vin gen sajès.” Men, mwen pa t rive genyen l. 24  Kèlkeswa sa k rive a, se bagay pèsonn pa ka konprann, se bagay ki difisil anpil pou moun konprann. Kiyès ki ka konprann bagay sa yo+? 25  Mwen t ap reflechi pou m ka konnen sa sajès ye e pou m ka konn rezon ki fè bagay sa yo fèt, pou m ka byen egzamine yo, pou m ka chèche konnen yo, e pou m ka konprann se moun sòt ki fè sa ki mal e se moun ki pa reflechi ki aji tankou moun ki pèdi tèt yo+. 26  Epi, men sa m te vin konprann: Fi ki tankou pyèj chasè a pi rèd pase lanmò, kè l tankou yon filè lapèch e men l tankou chenn prizon. Moun ki fè vrè Dye a plezi ap retire kò l anba men fi sa a+. Men, fi a ap met men sou moun ki lage kò l nan peche+. 27  Anseyan an* di: “Men sa m vin konprann+. Mwen te egzamine tout bagay youn apre lòt pou m ka di sa m pral di a. 28  Men, sa m* te kontinye chèche a, mwen pa t jwenn li. Nan 1 000 moun, mwen te jwenn yon sèl gason k ap fè sa ki dwat, men mwen pa t jwenn yon fi k ap fè sa ki dwat. 29  Men sèl bagay mwen wè: Vrè Dye a te fè lèzòm dwat+, men yo menm yo chèche fè yon pakèt lòt wout+.”

Nòt anba paj

Lit.: “Yon non”.
Oswa: “jwèt”.
Se kapab tou: “paske se mak fabrik moun sòt”.
Lit.: “Pa prese nan lespri w pou w”.
Lit.: “moun ki wè solèy la”.
Oswa: “dekouvri”.
Oswa: “kalamite a”.
Pawòl yo di nan vèsè 16 la.
Pawòl yo di nan vèsè 17 la.
Lit.: “malediksyon”.
Oswa: “Moun k ap rasanble moun nan”.
Oswa: “sa nanm mwen”.