Ezayi 55​:​1-13

  • Envitasyon pou moun vin manje bwè gratis (1-5)

  • Chèche Jewova, chèche pawòl li ki merite pou moun fè yo konfyans (6-13)

    • Wout Bondye yo pi wo pase wout lèzòm (8, 9)

    • Pawòl Bondye ap reyalize san mank (10, 11)

55  Nou tout ki swaf+, vini, vin pran dlo+!Nou menm ki pa gen lajan, vini, vin achte manje pou nou manje.Wi, nou mèt vini, vin achte diven ak lèt+ san lajan, san peye+.   Poukisa nou kontinye peye lajan nou pou bagay ki pa manje vre?E poukisa n ap depanse lajan nou* pou bagay ki pap fè anyen pou nou?Koute m byen, epi manje sa ki bon+,E n* ap jwenn anpil plezi nan manje bon kalite manje*+.   Panche zòrèy nou pou n koute, epi vin jwenn mwen+.Koute, epi n* ap ret vivan.M ap byen kontan fè yon alyans avèk nou pou toutan+,Yon alyans ki chita sou lanmou fidèl mwen te demontre pou David la, yon lanmou ki sensè*+.   Gade! Mwen fè l vin yon temwen+ pou nasyon yo,Yon dirijan+ e yon chèf+ pou dirije nasyon yo.   Gade! W ap rele yon nasyon ou pa konnen,E moun nan yon nasyon ki pa konnen w ap kouri vin jwenn ouPoutèt Jewova, Bondye w la, Bondye Izrayèl la+, Bondye ki sen an.Paske, l ap fè w jwenn glwa+.   Chèche Jewova pandan nou ka jwenn li+.Rele l pandan l toupre+.   Se pou moun ki mechan an kite wout li ladan l lan+,E se pou moun k ap fè sa k mal la retire lide li gen nan tèt li yo.Se pou l retounen vin jwenn Jewova k ap fè l mizèrikòd+,E se pou l vin jwenn Bondye nou an, paske l ap padone l nèt*+.   Men sa Jewova di: “Fason m panse pa fason nou panse+,E wout mwen yo pa wout pa nou.   Menm jan syèl la pi wo pase tè a,Se konsa tou wout mwen yo pi wo pase wout pa nou yoE fason m panse depase fason nou panse+. 10  Menm jan lapli ak nèj tonbe sot nan syèl laE yo pa retounen nan syèl la toutotan yo pa fin byen mouye tè a pou fè plant yo pouse e pou yo donnen,Pou moun k ap fè jaden yo jwenn semans e pou moun jwenn manje pou yo manje, 11  Se konsa, pawòl ki sot nan bouch mwen ap ye+.Li pap retounen vin jwenn mwen san l pa bay rezilta+.Men, san mank, l ap fè sa ki fè m plezi*+,E wè pa wè, l ap fè sa m voye l fè a. 12  Paske n ap soti ak kè kontan+,E y ap mennen nou tounen anpè+.Gwo mòn yo ak ti mòn yo ap kontan lè nou rive, y ap rele tèlman y ap kontan+,E tout pyebwa nan savann nan ap bat men yo+. 13  Se pye jenevriye ki pral pouse nan plas pye pikan yo+E se pye mit* ki pral pouse nan plas plant ki gen fèy ki gen pikan yo.Sa ap fè Jewova gen gwo renome+.E se yon siy k ap la pou toutan e ki pap janm disparèt.”

Nòt anba paj

Oswa: “lajan nou fè nan di”.
Oswa: “E nanm nou”.
Lit.: “nan manje ki gra”.
Oswa: “epi nanm nou”.
Oswa: “ki merite pou moun kwè nan li”.
Oswa: “padone l ak tout kè l”.
Oswa: “ki volonte m”.
Se yon plant fèy li klere e ki fè yon seri flè blan ki gen bon sant.