Lik 22​:​1-71

  • Prèt yo fè konplo pou yo touye Jezi (1-6)

  • Preparasyon pou dènye fèt Pak la (7-13)

  • Soupe Seyè a (14-20)

  • “Moun k ap trayi m nan ansanm avè m sou tab la” (21-23)

  • Gwo diskisyon pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan (24-27)

  • Jezi fè yon alyans ak apot li yo pou yon wayòm (28-30)

  • Jezi fè konnen Pyè pral nye l (31-34)

  • Enpòtans pou nou pare; de epe (35-38)

  • Priyè Jezi te fè sou Mòn Oliv la (39-46)

  • Yo arete Jezi (47-53)

  • Pyè nye Jezi (54-62)

  • Yo pase Jezi nan rizib (63-65)

  • Yo jije Jezi devan Sanedren an (66-71)

22  Twouve, fèt Pen san ledven an, fèt yo rele fèt Pak la+, te prèske rive+.  Epi, prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo t ap chèche yon bon mwayen pou yo elimine l+, paske yo te pè pèp la+.  Lè sa a, Satan antre nan Jida, li menm yo rele Iskaryòt la, ki te fè pati 12 apot yo+.  Konsa, Jida al pale ak prèt an chèf yo ansanm ak chèf gad yo ki t ap veye tanp lan sou fason pou l livre l ba yo+.  Yo kontan lè yo tande sa e yo antann yo pou yo ba l lajan*+.  Li dakò e li kòmanse chèche yon bon okazyon pou l livre l ba yo san pa gen foul moun ki la.  Kounye a, jou fèt Pen san ledven an rive. Se jou sa a yo dwe touye bèt y ap bay kòm sakrifis pou fèt Pak la+.  Donk, Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo: “Al prepare manje Pak la pou nou pou n manje+.”  Yo di l: “Ki kote w vle nou prepare l?” 10  Li di yo: “Gade! Lè nou antre nan vil la, gen yon mesye k ap pote yon krich dlo k ap vin rankontre ak nou. Suiv li al nan kay kote l antre a+. 11  E di mèt kay la: ‘Anseyan an voye mande w: “Kote pyès pou m manje manje Pak la avèk disip mwen yo ye la a?”’ 12  Epi, l ap montre nou yon gwo pyès aletaj ki tou pare. Prepare manje Pak la la.” 13  Konsa, yo ale e yo jwenn tout bagay jan l te di yo a, e yo fè preparasyon pou fèt Pak la. 14  Se sa k fè, lè lè a rive, li chita bò tab la ansanm ak apot yo+. 15  Epi, li di yo: “Se pa ti anvi mwen te anvi manje manje Pak sa a ansanm avèk nou anvan m soufri. 16  Paske, m ap di nou sa: Mwen pap manje l ankò jiskaske tout sa ki gen rapò avè l akonpli nan Wayòm Bondye a.” 17  Apre sa, yo ba l yon koup, li pran l, li di Bondye mèsi, epi li di: “Pran l, bwè ladan l, e pase l youn bay lòt. 18  Paske, m ap di nou sa: Apati kounye a, mwen pap bwè bwason ki fèt ak rezen ankò jiskaske Wayòm Bondye a vini.” 19  Epi, li pran yon pen+, li di Bondye mèsi, li kase l, li ba yo l, e li di: “Sa a reprezante kò m+ mwen pral bay pou nou+. Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m+.” 20  Apre yo fin soupe, li fè menm bagay la ak koup la tou, li di: “Koup sa a reprezante nouvo alyans lan+ ki fèt grasa san m+ ki gen pou koule pou nou+. 21  “Men, gade! moun k ap trayi m nan ansanm avè m sou tab la+. 22  Paske, vrèmanvre, Pitit lòm nan prale jan sa te deside a+. Men, malè pou moun sa a ki livre l la+!” 23  Epi, yo kòmanse ap pale youn ak lòt pou yo konnen kiyès nan yo ki t apral fè sa+. 24  Twouve, yo te pete yon gwo diskisyon tou pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan+. 25  Men, li di yo konsa: “Wa nasyon yo domine sou moun yo, e moun ki gen otorite sou yo, yo rele yo “papa bon kè”+. 26  Men nou menm, nou pa dwe konsa+. Okontrè, moun ki pi enpòtan pami nou an dwe vin tankou moun ki gen mwens enpòtans lan+, e moun k ap dirije a dwe vin tankou moun k ap sèvi a. 27  Paske, kiyès ki pi enpòtan, moun k ap manje a* oswa moun k ap sèvi a? Èske se pa moun k ap manje a*? Epoutan, mwen menm, mwen nan mitan nou antanke moun k ap sèvi nou+. 28  “Men, se nou menm ki te toujou la avè m+ nan eprèv mwen yo+. 29  Se poutèt sa, menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen pou yon wayòm, mwen fè yon alyans avèk nou tou pou yon wayòm+, 30  dekwa pou nou ka manje e pou nou ka bwè sou tab mwen nan Wayòm mwen an+ e pou nou ka chita sou twòn+ pou nou jije 12 tribi Izrayèl yo+. 31  “Simon, Simon, koute! Satan mande pou l vannen nou tout tankou ble y ap vannen+. 32  Men, mwen sipliye Bondye pou ou pou lafwa w pa febli+. E ou menm, yonfwa w retounen, bay frè w yo fòs+.” 33  Lè sa a, Pyè di l: “Seyè, mwen pare pou m al nan prizon avè w e pou m mouri avè w+.” 34  Men, Jezi di: “Pyè, m ap di w sa: Anvan yon kòk chante jodi a, w ap gentan di ou pa konnen m twa fwa+.” 35  Epitou, li di yo: “Lè m te voye nou san bous, san sak pou pwovizyon, san sandal la+, èske nou te manke yon bagay?” Yo di: “Non!” 36  Lè sa a, li di yo: “Men, kounye a, se pou moun ki gen yon bous pran l e se pou l pran yon sak pou pwovizyon tou. E si yon moun pa gen epe, se pou l vann rad li pou l achte youn. 37  Paske, m ap di nou sa: Sa ki ekri a, sa vle di pawòl ki di: ‘Yo te mete l pami moun ki san lwa yo’ dwe reyalize sou mwen+. Paske, sa ki ekri sou mwen yo ap reyalize+.” 38  Epi, yo di: “Seyè, gade! gen de epe la a.” Li di yo: “Sa sifi.” 39  Lè l sot deyò, li ale sou Mòn Oliv jan l abitye fè sa, e disip yo suiv li+. 40  Lè l rive la, li di yo: “Kontinye priye dekwa pou nou pa tonbe nan tantasyon+.” 41  Li deplase al yon tikras pi lwen yo, nan distans yon moun ka voye yon wòch konsa, epi li met ajenou, li kòmanse priye. 42  Li di: “Papa, si se volonte w, retire koup sa a devan m. Sepandan, se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w+.” 43  Lè sa a, yon zanj sot nan syèl la, li parèt devan l, e zanj lan ba l fòs+. 44  Men, Jezi vin tèlman boulvèse, sa te fè l kontinye priye pi rèd toujou+. Swè l te vin tounen gout san k ap tonbe atè. 45  Lè l fin priye, li ale bò kote disip yo, li jwenn yo ap kabicha, e yo te faya akoz lapenn yo genyen+. 46  Li di yo: “Poukisa n ap dòmi? Leve e kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon+.” 47  Li potko menm fin pale, gen yon foul moun ki parèt, e mesye ki te rele Jida a, youn nan 12 apot yo, te alatèt yo. Li pwoche bò kot Jezi, li bo l+. 48  Men, Jezi di l: “Jida, se avèk yon bo w ap trayi Pitit lòm nan?” 49  Lè mesye ki te ansanm ak Jezi yo wè sa k t apral rive a, yo di: “Seyè, èske nou mèt voye kout epe?” 50  Gen youn nan yo ki menm bay esklav gran prèt la yon kout epe, li koupe zòrèy dwat li+. 51  Men, Jezi reponn, li di: “Sa sifi!” Epi, li manyen zòrèy la e li geri esklav la. 52  Apre sa, Jezi di prèt an chèf yo ak chèf gad yo ki t ap veye tanp lan ak ansyen ki te vin pran l yo: “Apa nou vin ak epe ak baton kòmsi se dèyè yon vòlè nou vini+! 53  Lè m te nan tanp lan avèk nou chak jou+, nou pa t met men sou mwen+. Men, kounye a se lè pa nou e se lè pou fènwa dirije+.” 54  Epi, yo arete l, yo ale avè l+ e yo mennen l kay gran prèt la. Men, Pyè t ap suiv yo nan yon distans+. 55  Yo limen yon dife nan mitan lakou a, yo chita ansanm, e Pyè vin chita nan mitan yo+. 56  Men, gen yon sèvant ki wè Pyè chita bò dife a ki te byen klere, li gade l byen gade, epi li di: “Mesye sa a te avè l tou.” 57  Men, Pyè nye sa, li di: “Mwen pa konnen l, madanm.” 58  Apre yon ti tan, gen yon lòt moun ki wè l e ki di: “Ou menm tou, ou se youn nan yo.” Men, Pyè di: “Mesye, mwen pa youn nan yo+.” 59  Apre anviwon inèdtan, gen yon lòt mesye ki parèt e ki pèsiste ap di: “Se sèten mesye sa a te avè l tou. Dayè, se moun Galile li ye!” 60  Men, Pyè di: “Mesye, mwen pa konn sa w ap di a.” Epi, menm kote a, li potko menm fin pale, yon kòk chante. 61  Lè sa a, Seyè a vire, li gade Pyè fiks, e Pyè sonje pawòl Seyè a te di a: “Anvan yon kòk chante jodi a, w ap nye m twa fwa+.” 62  Epi, li sot deyò a, li kriye anpil. 63  Kounye a, mesye ki t ap veye Jezi yo kòmanse pase l nan rizib+, yo ba l kou+. 64  Apre sa, yo kouvri figi l e yo kontinye di l: “Si w se yon pwofèt, di nou kiyès ki frape w la a?” 65  Epi, yo t ap di anpil lòt pawòl kont li pou manke l dega. 66  Lè l fè jou, asanble ansyen yo ki gen ladan l prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo reyini+, e yo mennen l anndan sal Sanedren an, yo di: 67  “Di n si w se Kris la+.” Men, li di yo: “Menmsi mwen ta di nou sa, nou pa t ap janm kwè. 68  Epitou, si m ta poze nou kesyon, nou pa t ap reponn. 69  Sepandan, apati kounye a, Pitit lòm nan+ pral chita adwat Bondye ki gen pisans+.” 70  Lè yo tande sa, yo tout di: “Ebyen, ou se Pitit Bondye a?” Li di yo: “Se nou menm ki di se sa m ye.” 71  Yo di: “Ki lòt temwayaj nou bezwen ankò? Paske, nou tande l di sa ak bouch li+.”

Nòt anba paj

Lit.: “ba l pyès monnen ann ajan”.
Oswa: “moun ki bò tab la”.
Oswa: “moun ki bò tab la”.