Revelasyon 4​:​1-11

  • Vizyon konsènan Jewova nan syèl la (1-11)

    • Jewova chita sou twòn li (2)

    • Vennkat ansyen yo sou twòn yo (4)

    • Kat cheriben yo (6)

4  Apre sa, mwen gade, mwen wè yon pòt ki ouvri nan syèl la, e mwen tande yon premye vwa ki tankou yon twonpèt. Li pale avè m, li di: “Monte vin la a, mwen pral montre w bagay ki gen pou rive yo.”  Apre sa, mwen vin anba pouvwa lespri sen an tousuit: Epi gade! Mwen wè yon twòn nan syèl la, e gen yon moun ki chita sou twòn nan+.  Sila a ki chita a gen aparans yon pyè ki gen anpil valè yo rele jasp+ ak yon pyè ki gen anpil valè yo rele sadwàn*, e toutotou twòn nan te gen yon lakansyèl ki sanble ak yon pyè ki gen anpil valè yo rele emwòd+.  Toutotou twòn nan, te gen 24 twòn, e mwen te wè 24 ansyen ki chita sou twòn sa yo+. Yo te abiye ak rad blan e yo te gen kouwòn annò sou tèt yo.  Te gen zèklè+, te gen vwa ak loray k ap soti nan twòn nan+, e te gen sèt gwo lanp devan twòn nan ki gen dife k ap boule ladan yo. Yo reprezante sèt espri Bondye yo+.  Devan twòn nan gen yon bagay ki sanble ak yon lanmè ki klè tankou kristal+. E ni nan mitan twòn nan* ni toutotou twòn nan, te gen kat kreyati vivan+ ki chaje ak je ni devan ni dèyè.  Premye kreyati vivan an te sanble ak yon lyon+, dezyèm nan te sanble ak yon jenn towo bèf+, twazyèm nan+ te gen yon figi ki tankou figi moun, e katriyèm nan+ te sanble ak yon èg k ap vole+.  Toule kat kreyati vivan yo te gen sis zèl, yo te chaje ak je toupatou, ni sou zèl yo, ni anba zèl yo+. San pran souf, lajounen kou lannuit, yo t ap di: “Jewova*+ Dye, li menm ki Toupisan an, li menm ki te la, ki la e k ap vini an, li sen, li sen, li sen+.”  Chak fwa kreyati vivan yo te bay Sila a ki chita sou twòn nan, Sila a k ap viv pou tout tan gen tan an, glwa ak onè, e chak fwa yo te di l mèsi+, 10  toule 24 ansyen yo+ te met ajenou devan Sila a ki chita sou twòn nan, yo te adore Sila a ki vivan pou tout tan gen tan an e yo te lage kouwòn yo devan twòn nan, yo te di: 11  “Jewova*, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa+, onè+ ak pisans+, paske ou kreye tout bagay+, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.”

Nòt anba paj

Oswa: “ak yon pyè ki gen anpil valè ki gen koulè wouj”.
Oswa: “ni nan mitan an, kote ki gen twòn nan”.