Women 1​:​1-32

  • Salitasyon (1-7)

  • Pòl anvi al vizite Wòm (8-15)

  • Moun ki jis la ap viv grasa lafwa li genyen (16, 17)

  • Moun ki pa gen respè pou Bondye yo san eskiz (18-32)

    • Kalite Bondye yo parèt nan kreyasyon an (20)

1  Mwen menm, Pòl, yon esklav Kris Jezi, yon moun li rele pou vin apot, yon moun li mete apa pou anonse bon nouvèl Bondye a+, m ap ekri nou lèt sa a.  Depi byen lontan, Bondye te sèvi ak pwofèt li yo pou l pwomèt bon nouvèl sa a nan Ekriti sakre yo,  bon nouvèl konsènan Pitit li a. Pitit sa a se desandan* David+ selon lachè,  men, avèk pisans yo te deklare li se Pitit Bondye+ grasa lespri sen lè l te resisite pami mò yo+. Wi, Pitit sa a se Jezi Kris, Seyè nou an.  Se grasa li nou jwenn favè san parèy la ak travay nou genyen antanke apot la+, yon fason pou moun tout nasyon ka gen lafwa e pou yo obeyi l+, pou non l ka jwenn glwa.  E nou menm tou, yo te rele nou pami nasyon sa yo pou nou vin tounen byen pa Jezi Kris.  Lèt sa a se pou tout moun Bondye renmen ki nan vil Wòm, tout moun yo rele pou vin sen yo: Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.  Toudabò, m ap di Bondye m nan mèsi pou nou tout pa mwayen Jezi Kris, paske se toupatou sou latè y ap pale de lafwa nou.  Paske, Bondye temwen jan mwen toujou sonje nou nan priyè m+, li menm m ap bay yon sèvis sakre ak tout kè m lè m pwoklame bon nouvèl konsènan Pitit li a. 10  Mwen toujou ap mande Bondye, si sa posib, pou kounye a mwen jwenn opòtinite finalman pou m vin lakay nou, si se volonte l. 11  Paske, se pa ti anvi m anvi wè nou pou m ka fè nou jwenn kèk benediksyon ki soti nan Bondye, dekwa pou nou ka vin fèm. 12  Ann di pito, pou youn ka ankouraje lòt, pou chak moun jwenn ankourajman+ nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m. 13  Frè m yo, mwen vle nou konnen sa fè plizyè fwa mwen planifye pou m vin lakay nou, dekwa pou m ka fè kèk disip nan zòn nou an tou, menm jan ak nan lòt nasyon yo. Men, jiska prezan mwen jwenn anpechman. 14  Mwen gen yon dèt ni pou moun ki Grèk, ni pou moun ki pa Grèk, ni pou moun ki gen sajès, ni pou moun ki pa gen sajès. 15  Se sa k fè, se pa ti anvi m anvi anonse nou menm k ap viv Wòm bon nouvèl la tou+. 16  Paske, mwen pa wont anonse bon nouvèl la+. Anfèt, li se yon mwayen pisan Bondye sèvi pou l sove tout moun ki gen lafwa+, pou l sove Juif la dabò+, e ansuit pou l sove Grèk* la+. 17  Paske, nan bon nouvèl la, Bondye revele jistis li gen lakay li poutèt moun ki gen lafwa yo, pou yo ka vin gen plis lafwa+. Tankou sa ekri: “Moun ki jis la ap kontinye viv grasa lafwa li genyen+.” 18  E detan Bondye nan syèl la, l ap montre l an kòlè+ kont tout konduit ki dezonore l, e kont tout bagay ki mal ki lakay moun k ap sèvi ak mwayen ki enjis pou yo toufe laverite+. 19  Paske, bagay moun ka konnen sou Bondye yo parèt klè nan mitan yo, paske Bondye fè l parèt klè pou yo+. 20  Anfèt, kalite li yo ki envizib, sètadi pisans li ki etènèl+ e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye+, parèt klè depi nan kreyasyon monn nan+, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo, e konsa, yo san eskiz. 21  Paske, aktout yo te konnen Bondye, yo pa t ba l glwa antanke Bondye, ni yo pa t di l mèsi. Okontrè, rezònman moun sa yo vin san valè, yo pa gen bonsans e kè yo vin nan fènwa+. 22  Byenke y ap di yo gen sajès, yo vin fou. 23  Olye yo bay Bondye ki gen yon kò ki pa ka depafini an glwa, yo bay imaj lòm ki ka depafini glwa e yo bay imaj zwazo, imaj bèt kat pat ak imaj bèt ki rale sou vant glwa+. 24  Se sa k fè, akoz dezi ki nan kè yo, Bondye kite yo lage kò yo nan konduit ki pa pwòp, dekwa pou yo ka dezonore pwòp kò yo. 25  Yo boukante laverite sou Bondye pou manti, yo adore sa li kreye yo e yo ba yo yon sèvis sakre olye yo fè sa pou Kreyatè a, li menm k ap jwenn louwanj pou toutan. Amèn. 26  Se poutèt sa, Bondye lage yo e li kite dezi seksyèl san kontwòl+ yo genyen yo domine yo, paske fi yo kite fason natirèl pou yo sèvi ak kò yo, y al fè sa ki pa natirèl+. 27  Menm jan an tou, gason yo kite sa ki natirèl la, yo sispann sèvi ak fi, yo vin cho anpil nan pasyon yo genyen youn pou lòt, gason ak gason+, yo lage kò yo nan salte, e nan yo menm, yo resevwa yon pinisyon total* pou move konduit yo genyen an+. 28  Kòm yo pa t wè li enpòtan pou yo chèche konnen Bondye*, Bondye kite yo vin gen yon mantalite li pa apwouve, pou yo fè yon seri bagay ki pa kòrèk+. 29  Yo te ranpli ak tout kalite bagay ki pa dwat+, tout kalite mechanste, tanta+, move aksyon, e kè yo ranpli ak jalouzi+, zak asasinay+, hinghang, riz+, malveyans+, tripotay 30  ak medizans+. Mete sou sa, yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo ògeye, yo grandizè, yo toujou ap envante move bagay, yo dezobeyi paran yo+, 31  yo san konprann+, yo pa respekte angajman yo pran, yo pa gen afeksyon pou moun parèy yo e yo san pitye. 32  Byenke yo byen konnen sa Bondye dekrete a jis, e yo byen konnen moun k ap pratike bagay sa yo merite lanmò+, nonsèlman yo menm yo kontinye fè yo, men tou, yo dakò ak moun k ap pratike yo.

Nòt anba paj

Lit.: “semans”.
Sanble sa fè referans ak tout moun ki pa Juif e ki pale grèk.
Oswa: “yo resevwa sa yo merite”
Oswa: “yo pa t wè li enpòtan pou yo chèche gen konesans egzak sou Bondye”.