Lè lanmò pase pran yon moun pa w
Èske w gen yon moun pa w ki mouri? Èske w bezwen èd pou w fè fas ak lapenn nan?
Entwodiksyon
Bwochi sa a bay moun ki nan lapenn yo konsolasyon grasa Bib la.
“Se pa vre!”
Chak jou, toupatou nan monn nan, malè frape fanmi yo sanzatann .
Èske li nòmal pou se konsa m santi m?
Lè ou gen yon moun pa w ki mouri, èske se yon move bagay pou w montre lapenn ou?
Ki jan m ka rive viv ak lapenn mwen genyen an?
Èske se pou w kache lapenn nan oswa kite l parèt?
Ki jan lòt moun ka bay èd pa yo?
Yon zanmi ki gen bon konprann kapab bezwen pran devan pou l pote bonjan konsolasyon pou yon moun ki gen moun mouri.
Yon esperans ki sèten pou moun ki mouri yo
Lè n panse nou ka pa janm pale oswa ri ak oswa sere yon moun pa nou ki mouri nan bra nou sa ka difisil anpil pou n sipòte. Men Labib ban nou yon espwa.