Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

PATI 4

Lè w santi w koupab — “Netwaye m pou w efase peche m nan”

Lè w santi w koupab — “Netwaye m pou w efase peche m nan”

“Travay mwen te fèk genyen an te fè mwen menm ak fanmi m vin ap viv pi byen, men, li te lage m nan tout aktivite ki pa kòrèk. M te kòmanse nan fete fèt popilè, patisipe nan evènman politik epi m te menm konn al legliz. M te vin inaktif pandan 40 an. Tank tan t ap pase se tank m te panse l difisil pou m jwenn padon nan men Jewova. M pa t ka padone tèt mwen. Dayè, m te konn laverite anvan m te pran move chemen an.” — Martha.

LÈ YON moun santi l koupab sa ka tounen yon chay pou li. Men sa wa David te di: “Peche m yo monte pi wo pase tèt mwen. Yo tankou yon chay ki lou, yo twòp pou m pote.” ​(Sòm 38:4). Gen kèk kretyen ki kite gwo tristès anvayi yo e ki ret kwè Jewova pap janm ka padone yo (2 Korentyen 2:7). Èske se vre? Menm lè w te fè peche ki grav anpil, èske w panse w tèlman lwen Jewova opwen pou l pa janm padone w? Non, pa panse sa!

“Vini, annou ranje bagay yo”

Jewova pa janm abandone moun ki te peche e ki repanti. Anfèt, li lonje men ba yo! Nan egzanp tigason gaspiyè a, Jezi te konpare Jewova ak yon papa ki gen lanmou, ki gen yon pitit gason ki abandone fanmi l e k al banboche. Apre yon tan, li deside retounen. Men sa Bib la di: “Pandan [pitit gason an] te nan yon bèl distans, papa a wè misye, kè l fè l mal pou li, li kouri, li ba l yon bèl akolad, e li bo l avèk tandrès.” ​(Lik 15:11-20). Èske w ta renmen pwoche pi pre Jewova men w santi w “nan yon bèl distans” avè l? Menm jan ak papa ki nan egzanp Jezi a, Jewova gen konpasyon pou ou. Li pa ka tann pou w retounen vin jwenn li.

Men, e si w ta panse peche w yo twò grav oswa yo twòp pou Jewova padone w? Tanpri, reflechi sou envitasyon Jewova fè w ki nan Ezayi 1:18 la. Men sa l di: “Kounye a, vini, annou ranje bagay yo. Menmsi peche nou yo tankou twal wouj, y ap vin blan kou nèj.” Vrèmanvre, menmsi peche nou yo ta sanble pa ka efase menm jan ak yon mak wouj ki sou yon rad blan, Jewova ka padone yo.

Jewova pa vle w kontinye soufri akoz konsyans ou k ap kale w. Kidonk, ki sa w ka fè pou w jwenn padon nan men Bondye epi pou w vin gen yon konsyans ki pwòp? Ann konsidere de bagay wa David te fè. Premyèman, li te di: “M ap konfese peche m yo bay Jewova.” ​(Sòm 32:5). Pa bliye, Jewova deja mande w pwoche kote l nan lapriyè epi pou w ‘vin ranje bagay yo’ avè l. Aksepte envitasyon an, konfese peche w yo ba li epi fè l konnen sa w santi. Grasa eksperyans David te fè, li te ka priye Jewova ak konfyans pou l di l: “Netwaye m pou w efase peche m nan. [...] O Bondye, ou pap rejte yon kè k ap fann.” — Sòm 51:2, 17.

Dezyèmman, David te jwenn èd nan men pwofèt Natan, yon moun Bondye te nome pou reprezante l (2 Samyèl 12:13). Jodi a, Jewova ban nou ansyen nan kongregasyon yo ki jwenn fòmasyon pou ede moun ki peche e ki repanti yo vin gen bon relasyon avè l ankò. Lè w al kot ansyen yo, y ap sèvi ak Ekriti yo e y ap fè bonjan priyè pou soulaje kè w, pou redui oswa elimine santiman negatif ou yo epi pou ede w geri nan domèn espirityèl. — Jak 5:14-16.

Jewova vle w santi w soulaje lè w gen yon konsyans ki pwòp.

“Byennere moun Bondye padone sa li fè ki mal”

Nòmalman, ou gendwa santi zafè konfese peche w bay Jewova Dye epi al kot ansyen yo fè pati bagay ki pi difisil pou w fè. Se sèten David te santi l menm jan an. Li “te kache peche” l te fè a pandan kèk tan (Sòm 32:3). Sepandan, li te jwenn byenfè lè l te konfese peche l epi l te chanje konduit.

Youn nan pi gwo byenfè David te jwenn sèke l te vin gen kè kontan ankò. Men sa l te di: “Byennere moun Bondye padone sa li fè ki mal, moun Bondye padone peche l.” ​(Sòm 32:1, nòt). Men sa l te di ankò: “O Jewova, louvri bouch mwen pou m ka fè louwanj pou ou.” ​(Sòm 51:15). Lefètke David pa t santi l koupab ankò e l te vin gen rekonesans dèske Bondye te padone l sa te pouse l pale ak lòt moun konsènan Jewova.

Jewova vle w santi w soulaje lè w gen yon konsyans ki pwòp. Epi l vle w pale ak lòt moun de li ak objektif li yo, li pa vle w santi w koupab pandan w ap fè sa, men, li vle w fè sa ak tout kè w e ak kè kontan (Sòm 65:1-4). Sonje envitasyon l fè w pou l ‘efase peche w yo, dekwa pou l ka fè tan soulajman an rive pou ou’. — Travay 3:19.

Se sa k te rive Martha. Men sa l fè konnen: “Pitit gason m nan te kontinye voye Toudegad ak Réveillez-vous! pou mwen. Tikras pa tikras m te kòmanse vin zanmi Jewova ankò. Sa k te fè l pi difisil pou m retounen se te mande Jewova padon pou tout peche m te fè yo. Men finalman, m te pwoche bò kot Bondye nan lapriyè e m te mande l padon. Sa vrèman difisil pou m kwè gentan gen 40 an ki pase anvan m retounen vin jwenn Jewova. Mwen se yon prèv vivan ki montre menm apre plizyè ane yon moun kapab jwenn yon lòt chans pou l sèvi Bondye epi pou l retounen nan lanmou l.”