Ann chante pou Jewova — Nouvo kantik

Sèvi ak nouvo chan sa yo pou n adore Jewova e pou n ba l louwanj. Telechaje mizik yo ansanm ak pawòl yo, epi aprann chante bèl chan sa yo.

KANTIK 136

Wayòm nan deja tabli — Fò l vini!

Bèl chante pou Wayòm sa a fèt pou n louwe Jewova e pou n montre nou rekonèt se Jezi Kris ki Wa nan Wayòm nan.

KANTIK 137

Fè nou gen kran

Annou met ansanm pou nou mande Jewova pou l ban nou fòs pou nou ka preche pou li avèk kran.

KANTIK 138

Non ou se Jewova

Annou fè louwanj pou non Jewova ki gen glwa e ann fè tout moun konnen se li ki pi gran nan tout linivè.

KANTIK 139

Anseye yo pou yo kenbe fèm

N ap sipliye Jewova pou l pwoteje nou e pou l ede nou andire avèk fidelite nan kous pou lavi a.

KANTIK 140

Lavi yon pyonye

Chante pou Jewova pou w di l jan w renmen l e jan w renmen travay w ap fè a ak lavi w ap mennen an.

KANTIK 141

Ann chèche moun ki renmen lapè

Yon bèl kantik ki montre jan nou renmen moun ak jan nou chofe pou nou chèche ti mouton Bondye yo ki gen anpil valè.

KANTIK 142

Annou preche tout kalite moun

Chante sou bonte Jewova ak wòl nou jwe nan ede tout kalite moun vin zanmi Bondye.

KANTIK 143

Yon limyè ki klere nan yon monn fènwa

Mesaj n’ap bay la bèl! Li bay espwa ak lajwa, li klere nan fènwa.

KANTIK 144

Y ap jwenn lavi

N ap preche mesaj Bondye bay la pandan gen tan pou sa toujou.

KANTIK 145

N ap prepare nou pou n al preche

Sa t’ap fasil pou nou ta chwazi ret dòmi, men nou ka jwenn fòs nou bezwen pou n reyisi a.

KANTIK 146

Se pou mwen nou te fè l

Jezi konsidere tout sa nou fè pou nou soutni frè l yo tankou se pou li nou fè yo.

KANTIK 147

Yon byen espesyal

Jewova renmen moun li chwazi pou al viv nan syèl yo e yo menm, yo renmen fè volonte l.

KANTIK 148

Ou bay sèl Pitit Gason ou fè a pou nou

Di Jewova mèsi pou pi gwo kado li fè nou an. Sa fè tout moun vin gen espwa pou yo jwenn lavi.

KANTIK 149

Nou gen rekonesans pou ranson an

Se pi gwo fason Bondye demontre lanmou l pou nou. Jezi bay lavi l pou nou ak kè kontan, sa fè nou gen bonjan rezon pou nou gen rekonesans pou Jewova pandan tout letènite.

KANTIK 150

Travay plis

Chante pou w fè konnen dezi w genyen pou w sèvi Jewova ak kè kontan kèlkeswa kote li vle w fè sa.

KANTIK 151

Pitit Bondye yo pral parèt nan laglwa

N ap tann jou kote Jewova pral resisite frè Kris yo pou y al nan syèl la pou yo patisipe nan viktwa Kris pral ranpòte a.

KANTIK 152

Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

Lè enkyetid nan lavi a fè dout anvayi n, Bondye ap fè nou jwenn fòs ak espwa paske nou kwè nan li.

KANTIK 153

Ki jan w santi w?

Ki jan w santi w lè w konnen w fè tout sa w kapab pou w jwenn moun ki sensè yo?

KANTIK 154

N ap kontinye andire

Yon chante k ap ede nou andire anba difikilte yo e k ap ede nou rete fidèl ak Jewova toutotan n ap viv.