Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 107

Modèl lanmou Bondye bay la

Modèl lanmou Bondye bay la

(1 Jan 4:19)

  1. 1. Jewova ban nou yon bon modèl lanmou

    Pou’n chèche imite.

    Nan tout sa li fè, nan jan’l boule avè’n,

    Li byen montre sa lanmou ye.

    Li ban’n Pitit li, Pitit li plis cheri,

    Pou’n ka jwenn padon, pou’n rive gen lavi.

    Sa montre aklè li vle’n g’on bèl avni.

    Sa se lanmou. Bondye se lanmou.

  2. 2. Si’n suiv Jewova, lanmou’n gen pou frè nou

    Ap sensè, byen sensè.

    N’ap toujou veye pou’n demontre lanmou

    Pou nenpòt frè, pou nenpòt sè.

    Lanmou pou frè’n yo ak lanmou pou Bondye

    Mache youn ak lòt, yo pa ka separe.

    Si yo fè’n sa’k mal, n’ap kapab padone,

    Grasa lanmou. Pou yo’n gen lanmou.

  3. 3. Modèl lanmou an fè nou ini toutbon.

    Nou rejwi, nou zanmi.

    Bon Papa nou an fè’n yon envitasyon

    Pou’n sèvi li, pou’n ret ini.

    N’ap ka vin genyen yon lanmou ki pwofon.

    Lespri sen gide’n, Bondye ban’n enstriksyon.

    Frè’n ak sè’n yo la, yo ede’n vin pi bon.

    Sa se lanmou. Bondye se lanmou.