Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 119

Nou dwe gen lafwa

Nou dwe gen lafwa

(Ebre 10:38, 39)

  1. 1. Bondye bay lèzòm mesaj plizyè fwa

    Pa mwayen pwofèt lontan yo.

    Kouny’a, li di nou pa mwayen Jezi

    Pou’n bay chemen peche do.

    (REFREN)

    Èske nou gen bonjan lafwa?

    Lafwa’n dwe solid pou’n sove.

    Èske’l pouse’n fè bèl aksyon?

    Se sèl fason sa’ n’ap ka delivre.

  2. 2. Nou kontan suiv lòd Jezi Kris ban nou

    Pou nou preche bon nouvèl la.

    N’ap pale ak kran, avèk anpil zèl,

    Nou pap kache mesaj la.

    (REFREN)

    Èske nou gen bonjan lafwa?

    Lafwa’n dwe solid pou’n sove.

    Èske’l pouse’n fè bèl aksyon?

    Se sèl fason sa’ n’ap ka delivre.

  3. 3. Lafwa fè’n ret fèm san nou pa devye,

    Nou pap janm fè bak, n’ap vanse.

    Nou met tout konfyans nou nan Jewova,

    Nou konn delivrans lan pre.

    (REFREN)

    Èske nou gen bonjan lafwa?

    Lafwa’n dwe solid pou’n sove.

    Èske’l pouse’n fè bèl aksyon?

    Se sèl fason sa’ n’ap ka delivre.