Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 133

Adore Jewova pandan nou jèn

Adore Jewova pandan nou jèn

(Eklezyas 12:1)

  1. 1. Nan je Bondye, nou menm jèn, nou trè bèl.

    Nou mèt ba’l fòs nou, nou menm ki fidèl.

    L’ap demontre nou li kapab pran swen’n,

    L’ap beni’n, l’ap ede’n paske’l renmen’n.

  2. 2. Onore paran’n ki ban nou lavi.

    Nou pa bezwen pè di yo sa’n santi.

    Si’n renmen Bondye e si nou sèvi’l,

    N’ap vin pi pwòch li, e n’ap ret zanmi’l.

  3. 3. Annou sonje Jewova pandan’n jèn.

    Ann renmen laverite ak tout kè’n.

    Nou kontan bay Jewova tout lavi’n,

    N’ap rejwi kè’l e l’ap kontan beni’n.