Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 143

Ansanm, n ap travay, n ap tann ak kouray

Ansanm, n ap travay, n ap tann ak kouray

(Women 8:20-25)

  1. 1. Bondye byen konn lè pou’l aji,

    Li sèl ki rele Jewova.

    Sa klè, jou a pa lwen vini,

    Y’ap wè’l gen dwa dirije.

    (REFREN)

    Ansanm, n’ap travay, n’ap tann ak kouray.

    Lavi lèzòm gen pou’l chanje,

    Li pral vin jan Bondye vle.

  2. 2. Jou a fikse depi lontan

    Pou Jezi Kris pot laviktwa.

    L’ap detwi tout moun ki mechan,

    E y’ap sispann egziste.

    (REFREN)

    Ansanm, n’ap travay, n’ap tann ak kouray.

    Lavi lèzòm gen pou’l chanje,

    Li pral vin jan Bondye vle.

  3. 3. Menmsi n’ap soufri, n’anba tray,

    N’ap tann ak lafwa, ak pasyans.

    Pou nou, Jewova pral batay,

    Lè sa’, n’ap tou delivre.

    (REFREN)

    Ansanm, n’ap travay, n’ap tann ak kouray.

    Lavi lèzòm gen pou’l chanje,

    Li pral vin jan Bondye vle.

(Gade tou Mat. 25:13; Lik 12:36.)