Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 147

Bondye pwomèt lavi pou toutan

Bondye pwomèt lavi pou toutan

(Sòm 37:29)

  1. 1. Bondye fè nou yon bèl pwomès:

    Lavi nan yon paradi.

    Lèzòm pral bliye tout tristès.

    Moun jis yo pral fleri.

    (REFREN)

    Nou ka viv pou toutan,

    Men, fò’n lite pou sa.

    Bondye pap bay manti,

    Pawòl li fidèl.

  2. 2. Sou tè a, nan Paradi a,

    Pap gen mizè ni malè.

    Anba direksyon Jewova,

    Nou tout pral viv anpè.

    (REFREN)

    Nou ka viv pou toutan,

    Men, fò’n lite pou sa.

    Bondye pap bay manti,

    Pawòl li fidèl.

  3. 3. Lè rezirèksyon an pral fèt,

    Se pral lajwa tout kote.

    Tout sa Jewova te pwomèt,

    Tout pral reyalize.

    (REFREN)

    Nou ka viv pou toutan,

    Men, fò’n lite pou sa.

    Bondye pap bay manti,

    Pawòl li fidèl.