Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 155

Lajwa nètale

Lajwa nètale

(Sòm 16:11)

  1. 1. Bèl zetwal yo ki nan syèl la

    Klere tout latè!

    Lalin ak solèy la ba’w glwa,

    Wi, yo fè’w onè.

    Tè a spesyal, ou fè’l ak men’w,

    Tout linivè nèt se temwen’w,

    E yo rejwi kè’w.

    (REFREN)

    Gen lajwa nan kreyasyon an,

    Nan bèl mesaj delivrans lan,

    Nan Paradi n’ap tann nan.

    Men, sa ki fè lavi’n pi bèl,

    Se lanmou’w ki toujou fidèl,

    E se ou sèl, o Bondye,

    K’ap lajwa’n nètale.

  2. 2. Jewova, ou ban’n sa’n bezwen

    Pou fè nou rejwi.

    Tout sa’w kreye fè’n santi’n byen,

    Ou s’on vrè zanmi.

    Lavi nou te byen kòmanse.

    Ou vle’n viv pou letènite.

    Ou fè kè’n kontan!

    (REFREN)

    Gen lajwa nan kreyasyon an,

    Nan bèl mesaj delivrans lan,

    Nan Paradi n’ap tann nan.

    Men, sa ki fè lavi’n pi bèl,

    Se lanmou’w ki toujou fidèl,

    E se ou sèl, o Bondye,

    K’ap lajwa’n nètale.

    (YON TI DIPLIS)

    Nou pa t’ap gen jwa sa’

    Si’w pa’t bay Pitit ou a.

    Li te mouri pou’n gen lavi,

    E pou’n gen lajwa pou toutan.

    (REFREN)

    Gen lajwa nan kreyasyon an,

    Nan bèl mesaj delivrans lan,

    Nan Paradi n’ap tann nan.

    Men, sa ki fè lavi’n pi bèl,

    Se lanmou’w ki toujou fidèl,

    E se ou sèl, o Bondye,

    K’ap lajwa’n nètale.

    (REFREN)

    Gen lajwa nan kreyasyon an,

    Nan bèl mesaj delivrans lan,

    Nan Paradi n’ap tann nan.

    Men, sa ki fè lavi’n pi bèl,

    Se lanmou’w ki toujou fidèl,

    E se ou sèl, o Bondye,

    K’ap lajwa’n nètale.