Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 28

Annou travay pou n vin zanmi Jewova

Annou travay pou n vin zanmi Jewova

(Sòm 15)

  1. 1. Kiyès, o Jewova,

    K’ap abite avè’w?

    Kiyès w’ap chwazi pou vin zanmi’w?

    Kiyès k’ap jwenn favè’w?

    Se moun ki kwè nan ou,

    Ki suiv sa Bib la di.

    Se moun ki fidèl, ki aji byen,

    Ki pap viv nan manti.

  2. 2. Kiyès, o Jewova,

    K’ap vin devan twòn ou?

    Kiyès w’ap chwazi pou pote non’w,

    K’ap rejwi kè’w chak jou?

    Se moun ki ba’w louwanj,

    Ki mache ak lafwa.

    Se moun ki fidèl e ki sensè

    K’ap zanmi’w, bon Papa.

  3. 3. Tout espwa’n se nan ou,

    Ou koute’n lè’n priye’w.

    Nou vle vin pi pre’w paske’n renmen’w.

    Nou vle toujou louwe’w.

    N’ap chèche vin zanmi’w,

    Tanpri, ede’n Bondye.

    Nou pap janm gen yon pi bon Zanmi,

    Pou tout letènite.