Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 32

Pran pozisyon pou Jewova!

Pran pozisyon pou Jewova!

(Egzòd 32:26)

  1. 1. Gen yon lè nou te nan gwo konfizyon,

    Paske’n t’ap bwè nan koup fo relijyon.

    Men, nou vin jwenn anpil benediksyon,

    Lè’n vin konnen Wayòm nan.

    (REFREN)

    Defann non Jewova, Pran plezi nan li.

    Li pap janm kite ou. Limyè’l bay lavi.

    Simaye Pawòl la, Pawòl libète.

    Rèy Kris, Pitit li a, Pap janm fini vre.

  2. 2. Nou met ansanm pou nou sèvi Bondye,

    N’ap preche laverite tout kote.

    Kouny’a, se moman pou moun deside

    Pran pozisyon pou Bondye.

    (REFREN)

    Defann non Jewova, Pran plezi nan li.

    Li pap janm kite ou. Limyè’l bay lavi.

    Simaye Pawòl la, Pawòl libète.

    Rèy Kris, Pitit li a, Pap janm fini vre.

  3. 3. Kèlkeswa manèv Dyab la kapab fè,

    Nou konn Jewova avè’n, nou pap pè.

    Nou pa anpil e monn nan an kòlè,

    Men, Jewova se fòs nou.

    (REFREN)

    Defann non Jewova, Pran plezi nan li.

    Li pap janm kite ou. Limyè’l bay lavi.

    Simaye Pawòl la, Pawòl libète.

    Rèy Kris, Pitit li a, Pap janm fini vre.