Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 38

L ap fè w vin djanm

L ap fè w vin djanm

(1 Pyè 5:10)

  1. 1. Gen yon rezon ki fè’w vin konn laverite,

    Ki fè Bondye rale’w vin nan limyè.

    Menm lè’w te nan fènwa, li te wè nan fon kè’w,

    Ou te vle konnen’l byen, ou te sensè.

    Ou te pwomèt li w’ap fè sa li vle.

    Li te ede’w, l’ap fè sa nètale.

    (REFREN)

    Bondye achte’w ak san Kris,

    ou se byen’l kounye a.

    Pa pè, l’ap fè’w vin fèm,

    epi l’ap fè’w vin djanm.

    L’ap gide’w, l’ap pwoteje’w

    jan’l te toujou fè sa.

    San mank, l’ap fè’w vin fèm,

    epi l’ap fè’w vin djanm.

  2. 2. Bondye te bay Pitit li renmen an pou ou,

    Sa montre klè li vle ou reyisi.

    Si’l te chwazi ba’w Kris, Pitit Gason li an,

    Se sèten l’ap ba’w fòs pou’w fè’l plezi.

    L’ap sonje lafwa ak lanmou’w genyen.

    Sèvitè’l yo pap janm manke anyen.

    (REFREN)

    Bondye achte’w ak san Kris,

    ou se byen’l kounye a.

    Pa pè, l’ap fè’w vin fèm,

    epi l’ap fè’w vin djanm.

    L’ap gide’w, l’ap pwoteje’w

    jan’l te toujou fè sa.

    San mank, l’ap fè’w vin fèm,

    epi l’ap fè’w vin djanm.