Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 43

Yon priyè remèsiman

Yon priyè remèsiman

(Sòm 95:2)

  1. 1. Jewova n’ap leve vwa’n pou’n di’w mèsi,

    Se ak tout kè’n, n’ap priye’w pou’n louwe’w.

    Nou fè’w konfyans, n’ap sèvi ou nètale.

    Nou santi’n byen, n’ap toujou adore’w.

    Nou enpafè, se chak jou nou fè peche,

    Pou fot nou, padon’w n’ap toujou chèche.

    Ou achte’n ak san Jezi, Pitit ou a,

    Nou vle di’w mèsi paske’w gen pitye.

  2. 2. Mèsi pou lanmou ak bonte’w demontre.

    Ou fè’n vin pi pre’w paske’w renmen nou.

    Ede’n konnen ou, ban’n fòs pou nou sèvi’w,

    Ede nou ret fidèl devan’w chak jou.

    Mèsi anpil pou lespri sen’w ki pisan.

    Li ban’n kouray pou’n pale san’n pa pè.

    N’ap bese byen ba pou nou ka ba’w louwanj.

    Nou kontan sèvi’w, nou menm ki pousyè.