Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 5

Travay Bondye estrawòdinè

Travay Bondye estrawòdinè

(Sòm 139)

  1. 1. O Ja, ou konnen tout lavi mwen:

    Lè m’al dòmi, lè’m leve, lè’m chita.

    Tout panse mwen e tout sa mwen anvi fè,

    Pawòl mwen di, fason’m mache,

    ou wè tousa.

    W’ap suiv mwen depi lè mwen nan vant,

    Ou te wè lè zo nan kò’m t’ap pran fòm,

    Se yon bagay vrèman estrawòdinè!

    Se pou sa m’ap toujou louwe’w

    devan lèzòm.

    O Jewova, ou chaje ak konesans,

    Sa fè mwen gen yon gwo respè pou ou.

    E si fènwa ta soti pou ansèkle’m,

    Mwen byen konnen w’ap avè’m toupatou.

    Ki bò pou’m ale pou’w pa ta wè’m,

    Pou’m ta kache pou’w pa konn kote’m ye?

    Monte nan syèl? Desann jis nan fon Tonm nan?

    Ret nan fènwa? Nan fon lanmè?

    Pa gen kote.