Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 62

Chan tounèf la

Chan tounèf la

(Sòm 98)

  1. 1. Glwa pou Jewova, chante yon chan tounèf pou li.

    Fè konnen tout sa’l fè, tout sa’l pral akonpli.

    Louwe pisans li, Li toujou pote laviktwa.

    Li jije ak jistis,

    Tout moun nèt dwe konn sa.

    (REFREN)

    Ann chante

    Yon chan pou Jewova!

    Ann chante!

    Jewova Dye se Wa.

  2. 2. Ann louwe Bondye, ann chante avèk kè kontan.

    Nou dwe onore non’l, ba’l glwa, onè toutan.

    Nou menm k’ap sèvi’l, chante byen fò devan twòn li.

    Nou menm, kòn ak twonpèt,

    Louwe’l ann amoni.

    (REFREN)

    Ann chante

    Yon chan pou Jewova!

    Ann chante!

    Jewova Dye se Wa.

  3. 3. Se pou lanmè a, rivyè ak flèv yo bat bravo.

    Tout sa ki sou tè a, leve vwa nou byen wo.

    Se pou nou rejwi, se pou’n louwe Bondye chak jou,

    Mòn ak plèn tout peyi

    Dwe chante pou li tou.

    (REFREN)

    Ann chante

    Yon chan pou Jewova!

    Ann chante!

    Jewova Dye se Wa.