Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 66

Annou preche bon nouvèl la

Annou preche bon nouvèl la

(Revelasyon 14:6, 7)

  1. 1. Bondye te kache verite sou Wayòm nan.

    Kouny’a, nou konn moun ki Wa nan gouvènman’l lan.

    Bondye renmen jistis, li pran pitye pou nou,

    Li pran dispozisyon pou’l delivre’n yon jou.

    Li chwazi Jezi Kris, Pitit li a, kòm Wa,

    Se li menm k’ap gen pou’l gouvène

    sou tout tè a.

    Bondye prepare yon bon madanm pou Jezi.

    Se yon ti gwoup moun ki pral reye avèk li.

  2. 2. Bon nouvèl sa’ Bondye prepare’l byen lontan,

    Li vle pou’n fè moun tout kote konn Wayòm nan.

    Zanj yo kontan patisipe ansanm avè’n,

    Pou nou ka rive jwenn tout moun, granmoun kou jèn.

    Se yon responsablite, se yon gwo onè

    Pou nou louwe non Bondye

    tout kote sou latè.

    Wi, nou fyè dèske nou se Temwen Jewova,

    Dèske n’ap preche bon nouvèl etènèl la.