Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 68

Annou simen semans Wayòm nan

Annou simen semans Wayòm nan

(Matye 13:4-8)

  1. 1. Vin travay ansanm ak Mèt nou an,

    Li rele’n, annou obeyi.

    Li pwomèt l’ap ede’n, l’ap gide’n,

    L’ap montre’n jan pou’n reyisi.

    Semans lan ap jèmen, l’ap fè chemen’l

    Nan fon kè tout moun ki sensè.

    Kidonk, ann travay ak tout kè’n ak Mèt la

    Se yon plezi, wi, s’on gwo onè.

  2. 2. Fason’w travay la gen enpòtans:

    Li ka fè’w jwenn bon rezilta.

    Moun ki tande yo bezwen èd ou

    Pou yo ka gen bonjan lafwa.

    Tanpri, ede yo fè fas ak presyon

    Yo pral rankontre pi devan.

    Semans verite a pral kapab grandi

    Nan kè yo, e konsa, w’ap kontan.

(Gade tou Mat. 13:19-23; 22:37.)