Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 76

Di mwen ki jan w santi w

Di mwen ki jan w santi w

(Ebre 13:15)

  1. 1. Di mwen ki jan’w santi’w

    lè’w konnen Bondye soutni’w,

    Pandan’w fè tout sa’w dwe fè

    pou’w jwenn moun ki sensè.

    Depi’w bay tout ou menm,

    Bondye ap ede’w kanmenm.

    Li konnen tout moun pa’l yo,

    moun ki renmen lwa’l yo.

    (REFREN)

    Sa fè’n kontan, sa fè’n rejwi.

    Se ak tout kè’n n’ap louwe li.

    Nou vle toujou montre’n renmen’l

    paske nou tout se byen’l.

  2. 2. Di mwen ki jan’w santi’w

    lè’w sonje Bondye enstwi’w

    Pou’w ede moun gen lavi

    nan yon bèl paradi.

    Gen moun ki pa koute,

    genyen’k sispann pwogrese,

    Malgre sa’n kontan pot non’l

    pou’n fè konn enstriksyon’l.

    (REFREN)

    Sa fè’n kontan, sa fè’n rejwi.

    Se ak tout kè’n n’ap louwe li.

    Nou vle toujou montre’n renmen’l

    paske nou tout se byen’l.

  3. 3. Di mwen ki jan’w santi’w

    lè’w wè Bondye se zanmi’w,

    Li fidèl e’l ede ou

    pou’w preche toupatou.

    N’anseye ak tout kè’n

    pou’n ede granmoun kou jèn.

    Annou tout montre’n zele,

    travay la pral kanpe.

    (REFREN)

    Sa fè’n kontan, sa fè’n rejwi.

    Se ak tout kè’n n’ap louwe li.

    Nou vle toujou montre’n renmen’l

    paske nou tout se byen’l.