Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 82

“Se pou limyè nou klere”

“Se pou limyè nou klere”

(Matye 5:16)

  1. 1. Jezi Kris ban nou lòd

    Pou limyè’n briye,

    Menm jan ak solèy la,

    Pou’l toujou klere.

    Nan Pawòl Bondye a,

    Gen pwomès lapè,

    Se pou’n preche toupatou

    Pou’n jwenn moun sensè.

  2. 2. Nou swete pou tout moun

    Jwenn bon nouvèl la.

    Se pou limyè’n klere,

    Nan yon monn fènwa.

    Se Pawòl Bondye a

    Ki pouse’n aji.

    Nou bay tout moun mesaj la,

    Yo menm y’a chwazi.

  3. 3. Bèl aksyon nou poze

    Tankou bèl bijou,

    Yo klere nan monn sa’

    Ki pa gen lanmou.

    Lè nou fè sa ki dwat,

    Limyè’n ap klere,

    Konsa, n’ap gen asirans

    Nou rejwi Bondye.