Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 87

Vini, w ap rejwenn fòs!

Vini, w ap rejwenn fòs!

(Ebre 10:24, 25)

  1. 1. N’ap viv nan yon monn ki rebèl, ki pèdi,

    Moun yo pa aprann konn Bondye.

    Nou bezwen byen konnen kote n’ap met pye’n,

    Poukont nou nou pap janm rive.

    Reyinyon yo bon, yo fè nou rejwenn fòs,

    Yo fè lafwa nou vin solid.

    Se la nou jwenn kouraj pou’n fè bèl aksyon,

    Pou’n toujou gen bon abitid.

    Nou pap janm lage kòmandman Bondye yo,

    Se volonte’l sèl nou vle fè.

    Reyinyon yo fòme’n pou’n fè sa ki jis,

    Yo vrèman gen anpil valè.

  2. 2. Nou tout dwe koute konsèy Jewova bay,

    Li konnen byen sa nou bezwen.

    Lè’n lite pou’n pa rate reyinyon yo,

    Sa montre sajès nou genyen.

    Grasa bon enstriksyon ansyen yo ban nou,

    Lafwa nou vin pi byen chita.

    Frè’n ak sè’n yo la, yo pa janm lage nou,

    Yo soutni nou pou’n pa faya.

    Donk, pandan n’ap tann monn nouvo a rive,

    Ann toujou reyini ansanm.

    N’ap aprann viv avèk bonsans ak sajès,

    E lanmou nou ap vin pi djanm.