Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ÈD POU MOUN KI NAN GWO LAPENN

Pi bon èd pou moun ki nan gwo lapenn

Pi bon èd pou moun ki nan gwo lapenn

NAN DÈNYE ANE SA YO, SIJÈ YO PLIS FÈ RECHÈCH SOU LI SE LAPENN SA POTE LÈ YON MOUN GEN MOUN PA L KI MOURI. Vrèmanvre, jan nou te montre sa anvan, byen souvan, pi bon konsèy espè yo bay ale nan menm sans ak sa nou jwenn nan Labib, yon ansyen liv ki gen sajès. Sa montre, konsèy ki nan Bib la pa janm pase mòd. Sepandan, Bib la pa sèlman gen konsèy nou ka fè konfyans, men tou, li gen enfòmasyon nou pa jwenn okenn lòt kote e ki ka rekonfòte moun ki nan lapenn yon fason yo pa t ap janm imajine.

  • Li bay asirans moun nou renmen ki mouri yo pap soufri

    Men sa Bib la di nan Eklezyas 9:5: “Moun ki mouri yo pa konn anyen.” Sòm 146:4 fè konnen “yo sispann panse”. Pou kore sa, Bib la konpare lanmò ak yon bon ti dòmi. — Jan 11:11.

  • Li bay bonjan konviksyon Bondye se lanmou e sa bay rekonfò

    Men sa Bib la di nan Sòm 34:15: “Je Jewova * sou moun ki jis yo, e zòrèy li ap koute lè y ap mande l pou l ede yo.” Lapriyè pa yon senp tretman n ap suiv pou nou ka santi nou byen oswa pou nou rive gen kontwòl sou panse nou. Okontrè, li ede nou gen yon bon relasyon ak Kreyatè nou an, li menm ki sèvi ak pouvwa l pou l rekonfòte nou.

  • Li bay yon pi bon espwa

    Imajine yon lè kote moun ki nan tonm yo pral retounen viv sou tè a! Bib la pale de moman sa a plizyè fwa. Li esplike jan sa pral ye sou tè a, li di Bondye “ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri”. — Revelasyon 21:3, 4.

Anpil nan moun ki kwè nan Jewova, Bondye Bib la pale de li a, gen espwa y ap rewè moun pa yo yo renmen ki mouri, e sa fè yo jwenn anpil fòs pou yo fè fas ak lapenn yo genyen. Pa egzanp, men sa Ann, mari l mouri apre yo te fin gen 65 an maryaj, di: “Bib la ban nou asirans moun nou renmen ki mouri yo pap soufri e Bondye pral resisite tout moun ki nan memwa l. Sa toujou vin nan lespri m chak fwa mwen panse ak mari m ki mouri a, e se sa ki ede m rive fè fas ak gwo eprèv sa a ki te rive nan lavi m!”

Men sa Tina, nou te deja pale de li nan seri atik sa a, di: “Depi jou Timo mouri a, mwen te santi Bondye soutni m. Mwen te vrèman santi Jewova avè m nan moman difisil sa a mwen te ye a. Epitou, mwen kwè toutbon nan pwomès rezirèksyon nou jwenn nan Bib la. Li ban m fòs pou m kontinye kenbe jiskaske jou a pral rive kote mwen pral wè Timo ankò.”

Se konsa plizyè milyon moun ki gen konfyans nan Bib la santi yo. Menmsi w santi sa Bib la di yo pa reyèl oswa yo se jis yon rèv, pran yon ti tan pou w chèche wè prèv ki montre jan nou ka fè konsèy ak pwomès ki ladan l yo konfyans. Ou gendwa sezi wè Bib la se pi bon èd pou moun ki nan gwo lapenn.

POU W APRANN PLIS SOU ESPWA KI GENYEN POU MOUN KI MOURI

Gade videyo sou menm sijè a sou sit Entènèt nou an jw.org/ht.

Bib la pwomèt alavni nou pral akeyi moun nou renmen ki mouri.

NAN KI KONDISYON MOUN KI MOURI YO YE?

Ki sa ki rive nou lè nou mouri? Repons Bib la bay la byen klè, li konsole nou e li ban nou fòs.

Gade anba ribrik BIBLIYOTÈK > VIDEYO (Nan kategori videyo: LABIB)

ÈSKE W PA TA RENMEN TANDE BON NOUVÈL?

Tèlman gen move nouvèl, ki kote moun ka jwenn bon nouvèl menm?

Gade anba ribrik SA BIB LA ANSEYE > LAPÈ AK KÈ KONTAN

^ § 7 Jewova se non Bondye jan sa parèt nan Bib la.