Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

REVEYE N! No 2 2017 | Ki sa k kache dèyè bagay mistik?

Jodi a, byen souvan, nan fim ak nan televizyon, yo konn prezante yon seri aktè k ap fè bagay mistik, tankou majisyen, bòkò ak manbo, ak vanpi.

Sa w panse? Èske bagay sa yo se tou senpleman jwèt, oubyen gen danje ki kache dèyè yo?

Reveye n!” sa a pale sou rezon ki fè bagay mistik konn atire moun yo e ki sa ki makònen avèk bagay sa yo toutbonvre.

 

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Bagay mistik atire moun!

Maji, sòsyè, vanpi, moun demon antre sou yo ak mò se tou senpleman kèk nan bagay mistik ki atire moun yo. Sa k fè yo atiran?

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Ki sa Labib di sou bagay ki gen rapò ak movèzespri?

Se vre gen anpil moun ki pa fin kwè nan bagay mistik ak bagay ki depase lòm, men, Labib pa wè sa konsa menm. Gade sa Bib la di sou sijè sa a, e poukisa se sa l di?

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Taktik myèl yo itilize pou yo poze

Ki sa k fè taktik sa a yo itilize pou yo poze a vrèman bon pou yo aplike l nan sistèm k ap gide wobo k ap vole yo?

ÈD POU FANMI

Lè manman w oswa papa w mouri

Lè yon timoun pèdi manman l oswa papa l, sa boulvèse lavi l. Ki sa ki ka ede jèn nan fè fas ak santiman ki gen pou anvayi l yo?

Lè timoun yo nan lapenn

Ki jan Bib la te ede twa jèn fè fas ak lanmò yon moun nan fanmi yo?

LANDS AND PEOPLES

Yon ti vizit ann Espay

Espay se yon peyi kote w jwenn divès kalite moun ak peyizaj. Peyi Espay pwodui anpil bon kalite manje plis pase nenpòt peyi sou tè a.

DAPRE LABIB

Kwa

Anpil moun konsidere kwa kòm senbòl relijyon kretyen yo. Èske Jezi te mouri sou yon kwa? Èske disip Jezi yo te konn itilize kwa lè yo t ap adore Bondye?

Èske w ta renmen konprann Bib la?

Gade pou w wè ki sa w bezwen pou w konprann mesaj ki ladan l lan e ki sa w pa bezwen.

Li lòt atik sou Entènèt

Ki jan m ka fè fas ak trajedi?

De jèn ap rakonte sa ki te ede yo fè fas ak sitiyasyon konsa.

Èske demon yo egziste toutbonvre?

Ki sa demon yo ye? Ki kote yo soti?