Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sajès ka gide w e fè w gen kè kontan nan lavi a

Sajès ka gide w e fè w gen kè kontan nan lavi a

“Byenke sa fè m mal lè m wè move bagay k ap pase nan monn nan tankou lagè, lamizè, maladi ak fason y ap maltrete timoun yo, sa pa fè m pèdi espwa pou sa.” — RANI. *

Rani te jwenn bonjan kè kontan an lè l te aprann konnen sous vrè sajès la, anpalan de Kreyatè nou an, Bondye Toupisan an. Pandan w ap li atik ki vin apre yo, gade ki jan ansèyman l yo ka ede w pou w:

  • gen kè kontan nan fanmi w

  • viv anpè ak lòt moun

  • gen kè kontan ak satisfaksyon

  • rive konnen sa ki lakòz soufrans ak lanmò

  • gen yon esperans ki sèten pou lavni

  • rive konnen Kreyatè nou an e pou n vin zanmi l

Ou pral aprann tou sajès Kreyatè nou an pa sèlman disponib pou kèk moun, men nenpòt moun k ap chèche l ka jwenn li san pwoblèm.

^ § 2 Gen non moun ki nan peryodik sa a yo chanje.