Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

REVEYE N! No 1 2017 | Anpil jèn fè depresyon. Sa k fè sa? Ki sa k ka ede yo?

Yo fè konnen gen anpil jèn ki fè depresyon, e sanble sa kontinye ap vin pi plis.

Ki sa nou ka fè pou pwoblèm sa a?

Peryodik sa a, “Reveye n!”, bay kèk konsèy pou jèn ki fè depresyon yo e pou paran yo tou, pou kapab ede paran yo bay pitit yo konsolasyon ak èd yo bezwen.

 

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Anpil jèn fè depresyon. Sa k fè sa? Ki sa k ka ede yo?

Aprann konnen siy ak bagay ki ka montre yon jèn fè depresyon ak sa ki ka lakòz sa. Gade ki sa paran yo ak lòt moun ka fè pou ede yo.

Yon ti souri se yon bèl kado pou n pataje

Lè yon moun souri ak tout kè l, kit se yon zanmi, kit se yon moun ou pa konnen, sa ankouraje w souri tou, e sa fè w santi li gen bon santiman nan kè l.

DAPRE LABIB

Jete pitit

Chak ane, plizyè milye fi jete pitit yo te gen nan vant yo. Èske se chak moun ki pou deside si l ap jete yon timoun ak si li pap jete l oubyen èske se yon kesyon ki gen rapò ak sa k byen ak sa k mal?

“Sa te touche nou pou nou wè lanmou yo genyen”

Samdi 25 avril 2015, yon tranblemanntè te frape peyi Nepal e li te touye moun. Apre tranblemanntè a, ki jan Temwen Jewova yo te montre vrè kretyen yo gen lanmou e yo ede moun?

ÈD POU FANMI

Fason nou ka montre nou konn apresye

Lè mari ak madanm fè efò pou yo remake bèl kalite youn lòt genyen e pou yo di sa, y ap gen pi bon relasyon. Ki sa k ka ede w vin gen apresyasyon?

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Pwotèj foumi koulè ajan ki nan dezè Sahara a genyen an

Ti bèt sa a se youn nan bèt yo konnen ki plis tolere chalè sou tè a. Ki sa k pèmèt foumi koulè ajan an kontinye viv nan tanperati ekstrèm sa yo?

Li lòt atik sou Entènèt

Èske Temwen Jewova yo ede moun lè gen katastwòf natirèl?

Li sijè sa a e w ap wè jan nou ede kretyen parèy nou ak lòt moun lè gen katastwòf natirèl.