Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske gen yon gid nou ka fè konfyans pou ede nou gen yon avni ki sèten?

Èske gen yon gid nou ka fè konfyans pou ede nou gen yon avni ki sèten?

Jan nou te wè sa nan atik anvan yo, moun yo eseye gen yon avni ki sèten lè yo mete konfyans yo nan yon seri bagay tankou desten, gwo etid, richès e lè yo fè efò pou yo se bon moun. Yon moun ki suiv rezònman sa yo, se tankou yon moun ki pral yon kote, men k ap sèvi ak yon kat jeyografi ki pa kòrèk oswa k ap eseye ouvri yon pòt ak yon move kle. Èske sa vle di pa gen okenn sous nou ka fè konfyans konsènan lavni? Non!

PI BON SOUS KI BAY DIREKSYON KI TA KA GENYEN AN

Lè n ap pran desizyon, jeneralman, nou chèche konsèy nan men yon moun ki pi gran e ki pi saj pase nou. Menm jan an tou, nou ka jwenn bonjan direksyon konsènan lavni nan men yon moun ki pi gran e ki pi saj lontan pase nou. Konsèy li bay yo te vin jwenn nou nan yon liv sakre ki rele Labib, yo te ekri l sa gen anviwon 3 500 ane.

Poukisa nou ka fè Bib la konfyans? Paske moun ki te fè ekri l la se li ki la pi lontan e ki pi saj nan tout linivè. Bib la dekri l tankou “Sila a ki la depi pi lontan an”, Sila a ki la “depi toutan e pou toutan.” (Dànyèl 7:9; Sòm 90:2). Li se “vrè Dye a, Sila a ki te kreye syèl la, Sila a ki te bay tè a fòm nan.” (Ezayi 45:18). Li fè nou konnen non pèsonèl li se Jewova. — Sòm 83:18.

Lefètke se Sila a ki kreye tout moun nan ki bay Bib la, li pa bay yon kilti oswa yon ras plis valè pase yon lòt. Konsèy ki ladan l yo pa pase mòd, e yo pote byenfè pou moun toupatou sou latè. Li disponib nan plis lang e se li yo plis distribye nan monn nan pase nenpòt lòt liv. * Sa vle di moun toupatou ka konprann li byen fasil e yo ka jwenn direksyon l bay. Gade ki jan Bib la kore enfòmasyon sa yo:

“Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — TRAVAY 10:34, 35.

Menm jan yon paran ki gen sousi pou pitit li ba yo direksyon, se konsa tou Jewova Dye ki se yon Papa ki gen lanmou, ofri nou èd li pa mwayen Pawòl li a, Labib (2 Timote 3:16). Ou ka fè Pawòl li a konfyans. Dayè, se li ki te fè nou e li konnen ki sa k ka ban nou kè kontan nan lavi a.

Ki sa w bezwen fè pou w sèten w ap jwenn kalite avni sa a? Gade pwochen atik la.

^ § 6 Pou w jwenn plis enfòmasyon konsènan tradiksyon Bib la ak fason li distribye, ale sou sit www.ps8318.com, epi gade nan seksyon SA BIB LA ANSEYE > LISTWA AK LABIB.

^ § 16 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 9 nan liv La Bible — Parole de Dieu ou des hommes? Se Temwen Jewova yo ki pibliye l. Li disponib sou Entènèt sou www.ps8318.com. Gade nan seksyon BIBLIYOTÈK > LIV & BWOCHI.