Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI KOTE NOU KA JWENN KONSOLASYON?

Fason Bondye bay konsolasyon

Fason Bondye bay konsolasyon

Apot Pòl pale de Jewova * kòm “Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout eprèv nou yo”. (2 Korentyen 1:3, 4.) Konsa, Bib la asire nou pa gen pèsonn ki pa ka jwenn èd nan men Bondye, ni pa gen yon pwoblèm ki twò grav ki ka rive kote Papa nou ki nan syèl la pa kapab konsole nou.

Natirèlman, nou dwe fè yon bagay si nou vle Bondye konsole nou. Ki jan yon doktè te ka rive ede nou si nou pa t janm pran randevou avè l? Pwofèt Amòs te poze kesyon sa a: “Èske de moun pral fè yon wout ansanm san yo pa t pran randevou pou yo rankontre?” (Amòs 3:3, nòt). Se sa k fè Bib la ankouraje nou: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

Ki jan nou kapab sèten Bondye ap pwoche bò kote nou? Toudabò, se paske li di nou plizyè fwa li vle ede nou. (Gade  kare ki mache ak atik la.) Ansuit, se paske gen moun Bondye te konsole ki ban nou bonjan temwayaj sou sa, moun sa yo reyèl, genyen nan epòk nou an e genyen ki te viv nan tan lontan.

Menm jan ak anpil moun jodi a k ap chèche èd nan men Bondye, wa David te jwenn anpil pwoblèm. Yon lè, li te sipliye Jewova, li te di l: “Koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou.” Èske Bondye te reponn li? Wi. Men sa David te ajoute: “Li ede m e sa fè kè m kontan anpil.” — Sòm 28:2, 7.

WÒL JEZI JWE NAN KONSOLE TOUT MOUN KI NAN LAPENN

Byenke Jezi pa sou tè a ankò pou konsole moun, li te jwe yon wòl enpòtan nan bay moun konsolasyon. Youn nan travay Papa l, Jewova, te ba l fè se te pou “panse moun kè yo ap fann yo” epi pou l “konsole tout moun ki nan lapenn”. (Ezayi 61:1, 2.) Jan yo te anonse sa, Jezi te enterese yon fason espesyal ak moun ki ‘bouke e ki gen chay y ap pote’ yo. — Matye 11:28-30.

Jezi te konsole moun lè l te ba yo konsèy ki saj, lè l te boule ak yo avèk jantiyès, e pafwa menm, lè li te geri maladi yo te genyen. Yon jou, yon mesye ki te gen lèp te sipliye Jezi, li te di l: “Depi w vle, ou ka geri m.” Kè Jezi te fè l mal pou li, li te reponn li: “Wi, mwen vle! Ou geri.” (Mak 1:40, 41). Epi, mesye ki te gen lèp la te geri.

Jodi a, Pitit Bondye a pa sou tè a pou l konsole nou dirèkteman. Men, Jewova, Papa l, “Bondye tout konsolasyon an”, kontinye ede moun ki nan bezwen (2 Korentyen 1:3). Annou egzamine kat fason prensipal Bondye itilize pou l konsole moun yo.

  • Bib la. “Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”. — Women 15:4.

  • Lespri sen Bondye. Yon ti tan apre Jezi te mouri, tout kongregasyon kretyen an t ap viv nan yon peryòd lapè. Poukisa? “Kongregasyon an t ap mache nan lakrentif pou Jewova e li te jwenn konsolasyon grasa lespri sen.” (Travay 9:31). Lespri sen an, fòs aktif Bondye a, vrèman pisan. Bondye kapab itilize l pou l konsole kèlkeswa moun nan nenpòt sitiyasyon.

  • Lapriyè. Bib la di nou: “Pa enkyete nou pou anyen.” Okontrè, li di nou: “Fè Bondye konnen demann nou yo; E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou.” — Filipyen 4:6, 7.

  • Lòt kretyen parèy nou yo se vrè zanmi, nou ka konte sou yo pou ban nou konsolasyon nan moman difisil. Apot Pòl te di konpayon l yo se “yon gwo rekonfò” nan moman ‘soufrans ak tribilasyon’. — Kolosyen 4:11; 1 Tesalonisyen 3:7.

Sepandan, ou ta renmen konnen ki jan bagay sa yo ak moun sa yo ap ka ede yon moun vre. Annou egzamine egzanp moun nou te mansyone nan premye atik la pi byen toujou. Menm jan avèk yo, ou ka vin wè Bondye toujou akonpli bèl pwomès li fè a: “Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa tou, m ap kontinye konsole nou.” — Ezayi 66:13.

^ § 3 Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.