Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sigòy

Sa zwazo nan syèl la aprann nou

Sa zwazo nan syèl la aprann nou

“Tanpri, mande [...] zwazo nan syèl la, y a di w. Kiyès nan yo ki pa byen konnen se Jewova ki fè yo ak men l?” — Jòb 12:7, 9.

SA GEN plis pase 3 000 an, Jòb, yon patriyach nan tan lontan, te rann li kont zwazo nan syèl la gen anpil bagay yo ka aprann nou sou travay Bondye te fè ak men l. Mete sou sa, fason yo ye tou natirèlman pèmèt moun sèvi ak yo pou yo bay yon seri egzanp ak konparezon ki byen tonbe. Nan Bib la, yo fè referans ak zwazo nan syèl la plizyè kote, e gen nan referans sa yo ki aprann nou yon seri leson enpòtan konsènan lavi a e konsènan amitye nou ak Bondye. Annou konsidere kèk egzanp.

KOTE IWONDÈL YO FÈ NICH YO

Iwondèl

Moun Jerizalèm yo te abitye ak iwondèl, yon zwazo ki gen abitid fè nich nan kwen plafon kay moun. Gen nan yo ki te fè nich yo nan tanp Salomon an. Sanble iwondèl ki te konn fè nich yo chak ane nan tanp lan te twouve tanp lan se yon kote ki trankil e ki anpè, yon kote yo te ka leve pitit yo san moun pa nui yo.

Se youn nan pitit Kora yo ki te ekri Sòm 84 la. Li te konn travay nan tanp lan chak sis mwa pandan yon semèn e li te remake nich sa yo nan tanp lan. Li te swaf pou l ta menm jan ak iwondèl yo ki te toujou abite lakay Jewova a, se sa k fè l te di: “Se pa ti renmen mwen renmen tabènak ou a ki estrawòdinè, O Jewova, Chèf lame yo! Se tout mwen menm ki swaf wè Lakou Jewova yo [...]. Menm zwazo yo jwenn yon kote nan kay ou a pou yo rete. Iwondèl la jwenn yon nich kote li ka pran swen pitit li yo toupre lotèl ou a, o Jewova, Chèf lame yo, ou menm ki Wa m e ki Bondye m!” (Sòm 84:1-3). Èske nou menm ansanm ak pitit nou yo gen menm etadespri sa a? Èske nou swaf pou n toujou ansanm ak kongregasyon pèp Bondye a e èske nou apresye sa? — Sòm 26:8, 12.

SIGÒY YO KONN LÈ POU YO VWAYAJE

Pwofèt Jeremi te ekri: “Sigòy yo konnen ki lè pou yo vwayaje.” Pa gen dout nan sa, li te byen konnen gen yon sezon kote sigòy yo vwayaje travèse Latè pwomiz. Nan sezon prentan, yo konte plis pase 300 000 sigòy blan ki vwayaje sot ann Afrik pou y al nan nò Ewòp. Lè konsa yo travèse Vale Jouden an. Se kòmsi yo pwograme pou yo santi lè a rive pou yo retounen kote yo te ponn nan dènye sezon chalè a. Yo “konnen ki lè pou yo retounen” menm jan ak lòt zwazo ki vwayaje kou sezon yo rive yo. — Jeremi 8:7.

Selon sa yon liv fè konnen, sa ki pi bèl ak bèt ki vwayaje lè sezon yo rive a, se ensten yo ki fè yo fè sa (Collins Atlas of Bird Migration). Jewova Dye mete yon ensten nan zwazo ki konsa yo pou yo konnen nan ki sezon pou yo vwayaje, sepandan, li bay lèzòm kapasite pou yo rive rekonèt tan ak sezon yo (Lik 12:54-56). Kontrèman ak zwazo ki rele sigòy la, se pa ensten k ap fè lèzòm rive konprann siyifikasyon evènman k ap fèt nan epòk n ap viv la, men yo bezwen gen konesans sou Bondye pou yo rive fè sa. Izrayelit ki t ap viv nan epòk Jeremi an pa t rekonèt siy sa yo. Bondye te esplike rezon ki te lakòz sa. Men sa l te di: “Yo meprize pawòl Jewova yo. Ki sajès yo genyen?” — Jeremi 8:9.

Jodi a, nou gen anpil prèv ki montre n ap viv nan epòk Labib rele “dènye jou yo”. (2 Timote 3:1-5.) Èske menm jan ak sigòy la w ap rive ‘konn lè a’?

ÈG YO WÈ LWEN

Èg

Yo pale de èg plizyè fwa nan Bib la, e nan Latè pwomiz yo te konn wè zwazo sa yo souvan. Detan èg la nan nich li byen wo sou tèt yon falèz, “l ap chèche manje”, e “je l wè jis byen lwen”. (Jòb 39:27-29.) Je èg yo tèlman bon, yo fè konnen yon èg ka wè yon lapen ki nan yon distans yon kilomèt.

Menm jan yon èg ka “wè jis byen lwen”, se konsa tou Jewova ka wè byen lwen, li ka wè sa k gen pou rive alavni. Se sa k fè Jewova Dye te di: “Depi nan kòmansman yon bagay, mwen di ki jan l ap fini, e depi byen lontan, mwen anonse bagay ki poko rive yo.” (Ezayi 46:10). Lè nou koute konsèy Jewova yo, nou benefisye sajès ak kapasite san parèy li genyen pou l wè lwen an. — Ezayi 48:17, 18.

Epitou, Bib la konpare moun ki mete konfyans yo nan Bondye ak èg. Men sa l di: “Moun ki met espwa yo nan Jewova ap repran fòs. Y ap vole byen wo kòmsi yo te gen zèl tankou èg.” (Ezayi 40:31). Yon èg ka monte wo lè l sèvi ak kouran lè cho k ap monte yo. Depi èg la jwenn youn, li ouvri zèl li epi li vire toutotou kouran lè cho sa a ki pouse l monte pi wo toujou. Yon èg pa konte sou pwòp fòs li pou l vole wo e pou l plane sou distans ki byen long. Menm jan an tou, moun ki mete konfyans yo nan Jewova ka chèche èd nan men l antanke moun ki pwomèt l ap ba yo “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”. — 2 Korentyen 4:7, 8.

“MENM JAN YON MANMAN POUL RASANBLE TI POUL LI YO ANBA ZÈL LI”

Yon manman poul ak pitit li

Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te pran yon ti tan pou l gade vil ki te kapital juif la. Men sa l te di: “Jerizalèm, Jerizalèm, vil k ap touye pwofèt yo e k ap touye moun yo voye kote l yo ak kout wòch, se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li! Men, nou pa t vle sa.” — Matye 23:37.

Youn nan pi gwo ensten zwazo yo genyen se ensten pou yo pwoteje pitit yo. Zwazo ki fè nich yo atè, tankou poul yo, dwe toujou ap veye danje. Si yon poul wè yon malfini k ap fè laviwonn anlè tèt li, li rele byen fò pou l avèti ti poul yo. Lè sa a, ti poul yo kouri rantre anba zèl li pou yo ka jwenn sekirite. Se anba zèl li tou ti poul yo ka jwenn pwoteksyon anba solèy cho ak gwo lapli. Menm jan an tou, Jezi te vle bay moun Jerizalèm yo pwoteksyon nan domèn espirityèl. Jodi a, Jezi envite nou vin jwenn li pou nou rejwenn fòs ak pwoteksyon anba chay ak pwoblèm nou jwenn nan lavi nou chak jou. — Matye 11:28, 29.

Vrèmanvre, gen anpil bagay nou ka konnen lè n aprann konn zwazo sa yo. Toutpandan w ap suiv konpòtman yo, eseye sonje fason Bib la pale de yo. Se pou iwondèl yo ede w apresye adorasyon w ap bay Jewova a. Se pou w chèche èd nan men Bondye pou w jwenn esperans ki ka ede w vole wo tankou èg. Se pou w vin jwenn Jezi pou w ka jwenn verite nan domèn espirityèl, verite k ap pwoteje w menm jan yon manman poul pwoteje ti poul li yo. E se pou egzanp sigòy yo fè w sonje pou w ret je ouvè anrapò ak enpòtans evènman k ap pase nan monn nan nan epòk nou an.