Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Poukisa Izayi 30:21 pale de pawòl Jewova a tankou w tande l “ dèyè w ”, alòske vèsè anvan an mete Jewova devan lè li di : “ Je w dwe tounen je k ap wè Gran Pwofesè w la ” ?

Nou li nan Izayi 30:20, 21 : “ Gran Pwofesè w la pap kache ankò, e je w dwe tounen je k ap wè Gran Pwofesè w la. Zòrèy ou ap tande yon pawòl pa dèyè w k ap di : ‘ Men chemen an. Mache ladan l ’, si ou dwe fè adwat oswa si ou dwe fè agoch. ”

Lè nou pran tèks la mo pou mo, lektè a wè Jewova Gran Pwofesè a anfas li, men li tande vwa l pa dèyè l. Sepandan, pawòl sa yo se pawòl senbolik yo ye e se nan sans sa a nou dwe pran yo.

Imaj nou jwenn nan vèsè 20 an fè nou panse ak yon sèvitè ki mete l prè pou l fè sa mèt li mande l. Menm jan ak yon sèvitè k ap siveye ki jès mèt li ap fè ak men l pou l chèche konnen sa l vle di, jodi a, sèvitè Jewova yo fikse je yo sou enstriksyon biblik Jewova ap bay etap pa etap pa mwayen òganizasyon terès li a (Sòm 123:1, 2). Wi, yo kite Jewova dirije yo e yo mete yo prè pou yo fè kèlkeswa sa Jewova mande pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. — Matye 24:45-47.

Pawòl sèvitè Jewova yo tande pa dèyè a, sa l ye ojis ? Li rezonab pou nou tire konklizyon sa a : vwa yo tande pa dèyè a se vwa Bondye nan tan lontan k ap pale pa mwayen Pawòl li a li te fè ekri, ofiramezi “ entandan fidèl ” li a fè l vin klè pou nou (Lik 12:42). Sèvitè Bondye nan tan modèn nan tande vwa l lè yo etidye Labib avèk dilijans e lè yo mete prensip ki gen ladan l yo an pratik nan lavi yo grasa piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, “ entandan fidèl la ”, prepare pou yo. Yo rete vijilan, yo rete veyatif pou yo suiv enstriksyon Gran Pwofesè a ap ba yo nan moman ki apwopriye, e y ap etidye Pawòl li a li te fè ekri sa gen plizyè syèk. Konsa, nan yon sans senbolik, sèvitè l yo wè l devan yo e yo tande vwa l pa dèyè yo. — Women 15:4.