Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Maryaj ki onorab nan je Bondye e nan je lèzòm

Maryaj ki onorab nan je Bondye e nan je lèzòm

Maryaj ki onorab nan je Bondye e nan je lèzòm

“ Gen yon festen maryaj ki te fèt nan Kana [...]. Yo te envite Jezi ak disip li yo tou nan festen maryaj la. ” — JAN 2:1, 2.

1. Sou ki sa sa ki rapòte sou Jezi lè li te Kana a atire atansyon nou ?

JEZI, manman l ak kèk nan disip li yo te konnen jwa yon maryaj onorab ka pote pami pèp Bondye a. Kris te menm kontribye pou l rann yon maryaj eksepsyonèl, lè l te akonpli premye mirak li, e sa te fè evènman an pi agreyab toujou (Jan 2:1-11). Sandout ou deja asiste maryaj kretyen ki vle sèvi Jewova ak kè kontan antanke koup marye e sa te rejwi w. Oubyen, petèt ou ka anvizaje pou w marye oswa pou w ede yon zanmi w pou maryaj li ka byen pase. Ki sa nou bezwen fè pou sa ?

2. Ki enfòmasyon Labib bay sou maryaj ?

2 Kretyen yo twouve konsèy ki nan Pawòl Bondye enspire a itil anpil lè yon gason ak yon fi ap fè pwojè pou yo marye (2 Timote 3:16, 17). Se vre, Labib pa detaye fason pou yon maryaj kretyen fèt. Nou ka konprann sa, paske koutim ak egzijans legal yo varye selon zòn nan e selon epòk la. Pa egzanp, nan Izrayèl tan lontan an, pa t vrèman gen yon seremoni maryaj. Jou maryaj la, lemarye mennen lamarye lakay pa l oswa lakay papa l (Jenèz 24:67 ; Izayi 61:10 ; Matye 1:24). Se aksyon sa a tout moun te ka wè ki te maryaj la, san pa t gen yon seremoni jan sa fèt nan anpil maryaj jodi a.

3. Nan ki evènman nan Kana Jezi te kontribye pou bay plis kè kontan ?

3 Se etap sa a Izrayelit yo te konsidere kòm maryaj la. Petèt yo te konn fè yon festen annapre pou selebre moman an, jan nou wè sa nan Jan 2:1. Gen anpil vèsyon Labib ki tradui vèsè sa a konsa : “ Te gen yon seremoni maryaj nan Kana. ” Men, yo byen tradui mo ki soti nan lang orijinal la lè yo mete “ festen maryaj ” oswa “ bankè maryaj ” *. (Matye 22:2-10 ; 25:10 ; Lik 14:8.) Sa ki rapòte a montre aklè Jezi te la e li te kontribye pou bay kè kontan nan festen yon maryaj juif. Sepandan, yon pwen ki enpòtan, sèke fason yon maryaj te konn fèt nan epòk sa a diferan ak fason moun abitye fè sa jodi a.

4. Ki sa kèk kretyen konn chwazi fè pou maryaj yo, e poukisa ?

4 Jodi a, nan anpil peyi, kretyen ki vle marye yo dwe ranpli sèten egzijans legal. Yonfwa yo fin ranpli egzijans sa yo, yo ka fè maryaj la nenpòt ki fason ki ann akò ak lalwa. Se kapab yon seremoni byen senp, e moun k ap selebre l la se kapab yon jij, yon majistra oswa yon selebran relijye leta bay otorizasyon. Gen kèk moun ki chwazi marye konsa, petèt yo ka mande kèk moun nan fanmi yo ak kèk zanmi kretyen pou yo la antanke temwen legal oswa senpleman pou yo pataje lajwa ki gen nan moman enpòtan sa a (Jeremi 33:11 ; Jan 3:29). Konsa tou, kèk lòt kretyen ka chwazi pa fè yon gwo festen maryaj, sètadi yon gwo resepsyon, ki ta ka mande pou yo fè anpil planifikasyon ak anpil depans. Yo ka prefere fè aranjman pou yo pran yon repa avèk kèk zanmi entim. Kèlkeswa sa nou prefere pèsonèlman nan domèn sa a, nou dwe rekonèt lòt kretyen ki gen matirite ka pa gen menm pwennvi avèk nou. — Women 14:3, 4.

5. Poukisa anpil kretyen vle pou gen yon diskou maryaj ki fèt lè y ap marye, e ki sa ki gen nan diskou a ?

5 Pifò koup kretyen chwazi pou gen yon diskou ki baze sou Labib nan maryaj yo *. Yo rekonèt se Jewova ki etabli maryaj e li bay konsèy ki saj nan Pawòl li sou fason pou yon maryaj reyisi e sou fason li ka pote kè kontan (Jenèz 2:22-24 ; Mak 10:6-9 ; Efezyen 5:22-33). E pifò koup yo vle pou zanmi kretyen yo genyen ak fanmi yo patisipe nan evènman sa a ki pote kè kontan. Toutfwa, ki jan nou ta dwe konsidere kantite egzijans legal, pwosedi legal e menm lòt pratik lokal moun yo gen koutim respekte ? Atik sa a pral konsidere fason bagay yo fèt nan divès rejyon. Gen kèk koutim ki ka diferan nèt parapò ak sa w konnen oswa ak sa yo abitye fè nan zòn bò lakay ou. Sepandan, ou ka note kèk prensip jeneral oswa kèk aspè ki enpòtan pou sèvitè Bondye yo.

Yon maryaj ki onorab se yon maryaj ki legal

6, 7. Poukisa nou ta dwe enterese nan aspè legal maryaj la, e kòman nou ka montre sa ?

6 Byenke se Jewova ki etabli maryaj, gouvènman lèzòm yo gen yon sèten kontwòl sou aksyon moun k ap marye yo. Se nòmal. Men sa Jezi te di : “ Remèt Seza sa k pou Seza, men remèt Bondye sa k pou Bondye. ” ​(Mak 12:17). Nan menm sans lan, apot Pòl te bay egzòtasyon sa a : “ Se pou tout nanm soumèt devan otorite siperyè yo, paske pa gen otorite eksepte si Bondye bay. Otorite ki egziste yo se Bondye ki mete yo nan pozisyon yo youn parapò ak lòt. ” — Women 13:1 ; Tit 3:1.

7 Nan pifò peyi, se Seza, sètadi otorite sivil yo, ki detèmine kiyès ki gen dwa marye. Se sa k fè, lè de kretyen ki lib pou yo marye selon Labib chwazi fè sa, yo obeyi lwa kote y ap viv la kòrèkteman. Pa egzanp, yo ka bezwen chèche jwenn yon otorizasyon, yo ka bezwen yon moun Leta otorize pou fè maryaj la, e yo ka bezwen anrejistre maryaj ki fin fèt la. Lè Seza Ogis te mande pou moun yo fè yo “ anrejistre ”, Mari ak Jozèf te obeyi, yo te travèse al Betleyèm ‘ pou y al fè yo anrejistre ’. — Lik 2:1-5.

8. Nan ki pwen maryaj la se yon angajman, e ki sa Temwen Jewova yo fè ki montre yo konprann sa ?

8 Lè de kretyen marye yon fason ki legal, nan je Bondye inyon sa a se yon angajman. Se poutèt sa, Temwen Jewova yo pa refè yon maryaj pa mwayen plizyè seremoni legal, ni yo pa renouvle ve maryaj yo ankò, tankou jan kèk koup konn fè sa sou 25 an oswa sou 50 an maryaj (Matye 5:37). (Gen kèk legliz ki pa aksepte maryaj sivil lalwa rekonèt, yo pretann se pa yon maryaj ki valab toutotan yon prèt oswa yon chèf relijye pa fè yon seremoni oswa yo pa deklare de moun yo se mari ak madanm.) Nan anpil peyi, gouvènman yo otorize yon minis asèmante Temwen Jewova pou selebre maryaj. Si sa posib, l ap fè yon diskou maryaj nan yon Sal Wayòm lè l ap selebre maryaj la. Sal Wayòm nan se kote ki la pou vrè adorasyon an e se yon andwa apwopriye pou yo fè yon diskou anrapò ak dispozisyon sa a Jewova Dye mete anplas la.

9. a) Ki sa yon koup kretyen ka deside fè si se yon maryaj sivil y ap fè ? b) Ki jan ansyen yo ka patisipe nan planifikasyon maryaj la ?

9 Nan kèk lòt peyi, lalwa mande pou koup yo marye nan yon biwo Leta, yon meri pa egzanp, oswa devan yon ofisye d eta sivil ki la pou sa. Souvan, kretyen yo ka deside pou gen yon diskou ki fèt nan yon Sal Wayòm apre etap legal sa a, swa menm jou a, swa nan demen. (Yo pap kite anpil jou pase ant seremoni legal la ak diskou biblik la, paske legalman yo marye devan Bondye e devan lèzòm, donk devan kongregasyon kretyen an tou.) Si yon koup ki pral fè yon maryaj sivil ta vle pou gen yon diskou ki fèt nan yon Sal Wayòm, toudabò yo ta dwe chèche jwenn pèmisyon nan men ansyen ki fòme komite sèvis kongregasyon an. Nonsèlman siveyan sa yo pral asire yo koup la gen bon repitasyon, men tou yo pral veye pou lè maryaj la pa tonbe nan lè reyinyon yo, ni nan lè yon lòt aktivite ki konn fèt nan sal la (1 Korentyen 14:33, 40). Anplis, si koup la ta mande yon preparasyon kèlkonk pou sal la, y ap egzamine si preparasyon yo konvnab e y ap deside si pou yo fè yon anons konsènan itilizasyon sal la.

10. Si se yon maryaj sivil ki te fèt, ki jan sa ap afekte diskou maryaj la ?

10 Ansyen k ap fè diskou maryaj la pral fè efò pou diskou a fèt sou yon ton ki amikal, ki edifyan espirityèlman e ki diy. Si koup la te fè yon maryaj sivil anvan sa, l ap bezwen di aklè yo deja marye selon lwa Seza. Si yo pa t fè ve maryaj nan seremoni sivil la, petèt koup la ka vle fè sa pandan diskou a *. Si seremoni sivil la te gen ve ladan l, men nouvo koup la ta vle pwononse ve yo devan Jewova e devan kongregasyon an, y ap bezwen pwononse yo o pase, konsa y ap montre yo deja “ anba menm jouk ”. — Matye 19:6 ; 22:21.

11. Ki jan maryaj fèt nan kèk zòn, e ki jan yo pral fè diskou maryaj la anrapò ak sa ?

11 Nan kèk zòn, lalwa ka pa mande de moun k ap marye yo fè okenn seremoni, e yo ka pa menm mande pou yo marye devan yon ofisye d eta sivil. Maryaj la fèt lè yo annik prezante yon fòmilè anrejistreman maryaj ki siyen bay yon moun gouvènman an otorize. Apre sa, y ap ba yo yon sètifika maryaj ki anrejistre. Lè sa a, yo tou konsidere de moun yo kòm mari ak madanm, e se jou sa a ki tou vin dat maryaj yo. Jan nou te wè sa pi wo a, koup ki fin marye a ka vle pou gen yon diskou maryaj ki baze sou Labib nan yon Sal Wayòm tousuit apre yo fin anrejistre maryaj yo. Frè ki gen matirite espirityèl yo chwazi pou fè diskou a ap fè tout moun nan asistans lan konnen de moun yo deja marye, paske maryaj yo fèk anrejistre. Kèlkeswa ve y ap fè, yo ta dwe fè yo ann akò ak sa ki di nan paragraf 10 la ak nòt ki mache ak paragraf 10 la. Moun k ap asiste nan Sal Wayòm nan ap rejwi ak koup la e y ap tire pwofi nan konsèy ki soti nan Pawòl Bondye a. — Chan Salomon 3:11.

Maryaj koutimye ak maryaj sivil

12. Ki sa yon maryaj koutimye ye, e ki sa li saj pou moun yo fè apre yon maryaj konsa ?

12 Nan kèk peyi, moun yo fè sa yo rele maryaj koutimye (oswa maryaj tribal). Sa pa fè referans ak de moun ki jis ap viv ansanm, ni sa pa fè referans ak pratik yo rekonèt nan kèk zòn kote de moun ini yo, men inyon sa a pa gen menm valè ak yon maryaj legal *. La a n ap pale de maryaj yo fè selon koutim yon tribi oswa yon zòn, koutim moun yo aksepte nan zòn nan. Sa ka egzije pèyman yon dòt pou fi ki pral marye a, e konsa, de moun yo marye ni legalman ni selon Ekriti yo. Leta rekonèt maryaj koutimye sa yo kòm maryaj ki legal e ki angaje moun yo nèt. Apre sa, souvan li posib pou yo anrejistre maryaj koutimye ki te fèt la, e lè moun yo fin fè sa, yo ka resevwa yon sètifika ofisyèl. Lè yo anrejistre maryaj la, sa ka yon pwoteksyon pou koup la, pou madanm nan si l ta vin vèv, e pou timoun ki ta vin fèt. Kongregasyon an ta dwe ankouraje moun ki fè yon maryaj koutimye pou yo anrejistre maryaj yo osito sa posib. Li enteresan pou nou note sou Lwa Moyiz la, sanble yo te konn anrejistre maryaj ak nesans. — Matye 1:1-16.

13. Ki sa k apwopriye pou yo fè lè y ap bay yon diskou maryaj apre yon maryaj koutimye ?

13 Yon koup ki ini legalman grasa yon maryaj koutimye tounen mari ak madanm lè maryaj sa a fèt. Jan nou te wè sa pi wo a, kretyen ki fè yon maryaj konsa ka vle pou gen yon diskou maryaj ki fèt e pou yo pwononse ve maryaj yo nan yon Sal Wayòm. Si se sa y ap fè, oratè a ap fè konnen de moun yo deja marye ann amoni ak lwa Seza yo. Se jis yon diskou y ap fè. Gen yon sèl maryaj, e nan ka sa a se maryaj lalwa rekonèt la, maryaj koutimye a (oswa maryaj tribal la), e gen yon sèl diskou ki baze sou Labib. Lè nou fè yon fason pou de aspè sa yo fèt youn apre lòt san nou pa kite anpil tan pase, si posib nan menm jou a, se yon fason pou nou onore maryaj kretyen an nan kominote a.

14. Ki sa yon kretyen ka fè si gen posiblite pou l fè swa yon maryaj koutimye swa yon maryaj sivil ?

14 Nan kèk peyi kote yo konsidere maryaj koutimye kòm legal, gen dispozisyon tou pou gen maryaj sivil (e ki legal). Souvan yo fè maryaj sivil yo devan yon ofisye gouvènman an rekonèt, e lè sa a yo ka tou pwononse ve yo e yo ka siyen nan yon rejis. Gen kèk koup kretyen ki pito fè maryaj sivil sa a olye yo fè yon maryaj koutimye. Legalman li pa nesesè pou yo fè toule de, paske yo chak yo valab sou plan legal. Nan ka sa a tou, nou ka aplike sa ki di nan paragraf 9 ak 10 la konsènan diskou maryaj la ak ve yo. Sa k pi enpòtan an, sèke de moun yo marye yon fason ki onorab nan je Bondye e nan je lèzòm. — Lik 20:25 ; 1 Pyè 2:13, 14.

Manifeste onè nan maryaj la

15, 16. Ki jan onè ta dwe jwe yon wòl esansyèl nan yon maryaj ?

15 Te gen yon pwoblèm ki te soulve nan maryaj yon wa nan peyi Pès. Lè sa a, yon konseye an chèf ki te rele Memoukàn te bay yon konsèy ki te ka gen yon efè pozitif, li te di : ‘ Tout madanm dwe bay mari yo onè. ’ ​(Estè 1:20). Nan maryaj kretyen yo, konsèy sa a se pa yon wa imen ki pou bay li sou fòm yon dekrè, paske madanm yo vle onore mari yo. Menm jan an tou, mari kretyen yo ‘ bay konjwen yo onè ’ e yo louwe yo (Pwovèb 31:11, 30 ; 1 Pyè 3:7). Nou pap tann yon pakèt ane pase pou nou manifeste onè nan maryaj nou. Onè sa a ta dwe parèt aklè depi okòmansman, wi, depi nan jou maryaj la.

16 Se pa sèl gason an ak fi a, sètadi mari a ak madanm nan, ki ta dwe demontre onè nan jou maryaj yo. Si yon ansyen ap fè yon diskou maryaj, sa ta dwe fèt yon fason ki demontre onè tou. Se ak koup la y ap pale nan diskou sa a. Oratè a ka onore yo, lè li pa bay blag sou yo e lè l pa plede ap site pwovèb. Li pa ta dwe fè remak ki twò pèsonèl, etandone remak konsa ka anbarase ni koup la ni moun k ap koute yo. Depreferans, l ap eseye fè diskou a yon fason ki amikal, ki edifyan, toutpandan l ap mete aksan sou Sila ki etabli maryaj la e sou konsèy Li bay. Wi, diskou maryaj ansyen an ap fè yon fason ki diy pral kontribye pou maryaj la onore Jewova Dye.

17. Poukisa gen yon aspè legal nan selebrasyon maryaj kretyen yo ?

17 Sandout ou te remake anpil pwen nan atik sa a konsènan detay sou fòmalite legal ki gen nan yon maryaj. Kèk aspè ka pa aplikab dirèkteman nan zòn kote w ap viv la. Sepandan, nou tout nou ta dwe byen konnen ki jan li enpòtan pou fason maryaj k ap fèt pami Temwen Jewova yo demontre respè pou lwa nan zòn nan, sètadi pou egzijans Seza yo (Lik 20:25). Pòl te fè nou egzòtasyon sa a : “ Se pou nou bay tout moun sa nou dwe ba yo : sa ki egzije enpo, ba li enpo, sa ki egzije kontribisyon, ba li kontribisyon, [...] sa ki egzije onè, ba li onè. ” ​(Women 13:7). Wi, li apwopriye pou kretyen yo onore dispozisyon Bondye mete anplas pou kounye a depi nan jou maryaj la.

18. Ki aspè ki pa obligatwa nan yon maryaj nou bezwen egzamine, e ki kote nou ka jwenn enfòmasyon sou kesyon sa a?

18 Apre anpil maryaj kretyen, konn gen yon aktivite an gwoup, se ka yon festen maryaj, yon dine oswa yon resepsyon. N ap sonje Jezi te aksepte patisipe nan yon festen konsa. Si gen yon aktivite konsa k ap fèt, ki jan konsèy ki nan Bib la ka ede nou pou nou gen asirans moman sa a li menm tou ap onore Bondye e l ap gen bon efè sou nouvo marye yo e sou kongregasyon kretyen an ? Atik ki vin apre a pral egzamine kesyon sa a *.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Yo te ka sèvi ak menm mo a pou fèt ki pa t gen rapò ak maryaj. — Estè 9:22, Septant.

^ § 5 Temwen Jewova yo sèvi ak yon plan diskou maryaj ki dire 30 minit ki gen tèm “ Yon maryaj ki onorab nan je Bondye ”. Li atire atansyon sou bonjan konsèy Ekriti yo bay ki nan liv Le secret du bonheur familial la ak nan lòt piblikasyon Temwen Jewova yo pibliye. Diskou sa a pwofitab ni pou koup k ap marye a, ni pou moun k ap asiste seremoni maryaj la.

^ § 10 Amwenske lwa kote n ap viv la ta egzije yon lòt bagay, y ap itilize ve ki vin apre yo ki onore Bondye. Lemarye ap di : “ [Non lamarye], mwen pran w kòm madan marye mwen, e mwen pwomèt pou m renmen w e pou m cheri w, ann amoni ak lalwa Bondye ki konsène mari kretyen yo, jan Ekriti Sakre yo fè konn sa, toutotan nou toule de ap viv ansanm sou tè a, selon dispozisyon Bondye mete nan kad maryaj la. ” Lamarye ap di : “ [Non lemarye], mwen pran w kòm mari mwen, e mwen pwomèt pou m renmen w, pou m cheri w e pou m demontre gwo respè pou ou, ann amoni ak lalwa Bondye ki konsène kretyèn ki marye yo, jan Ekriti Sakre yo fè konn sa, toutotan nou toule de ap viv ansanm sou tè a, selon dispozisyon Bondye mete nan kad maryaj la. ”

^ § 12 Nan Toudegad 15 septanm 1963, paj 575 (fransè), yo fè kèk kòmantè sou jan de inyon sa yo.

^ § 18 Gade atik “ Faites de vos noces un événement joyeux et digne ” ki parèt nan Toudegad 15 oktòb 2006, paj 28 (fransè).

Èske nou sonje ?

• Poukisa nou ta dwe enterese ni nan aspè legal ni nan aspè espirityèl ki gen nan seremoni maryaj la ?

• Si de kretyen ta fè yon maryaj sivil, ki sa yo ka deside fè tousuit apre sa ?

• Poukisa yo fè diskou maryaj yo nan yon Sal Wayòm ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Nan maryaj Izrayelit tan lontan yo, lemarye te konn mennen lamarye lakay pa l oswa lakay papa l.

[Foto nan paj 11]

Apre de kretyen fin fè yon maryaj koutimye, petèt yo ka vle pou gen yon diskou ki fèt nan yon Sal Wayòm.