TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Jiyè 2015

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti semèn 21 out pou rive semèn 27 septanm 2015.

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Larisi

Li istwa kèk selibatè ak moun marye ki t al sèvi kote ki gen anpil bezwen nan peyi Larisi. Yo te aprann konte plis sou Jewova!

Travay pou n anbeli paradi espirityèl la

Èske paradi espirityèl la se menm ak tanp espirityèl la? Ki “paradi” Pòl te wè nan “twazyèm syèl la”?

Sèvi Jewova nan “jou kalamite yo”

Ki jan w ka kenbe yon lafwa ki solid epi pou w ret aktif nan sèvis Jewova a? Konsidere egzanp kèk moun aje nan tan biblik yo ki te sèvi Bondye ak kè kontan.

‘Delivrans nou ap pwoche’!

Ki mesaj nou pral anonse apre gwo tribilasyon an fin kòmanse? Ki sa k pral rive moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan moman sa a?

Èske l enpòtan pou moun wè travay w ap fè?

Egzanp Betsalèl ak Owolyab ede n apresye verite enpòtan sa a: Menmsi pèsonn pa wè travay nou fè yo, Jewova wè yo.

Rete fidèl anvè Wayòm Bondye a

Ki jan kretyen yo ka fòme tèt yo pou yo fidèl anvè Jewova ak Wayòm li an?

Se kay kote nou adore

Ki fason n ka demontre respè pou kote n pratike adorasyon ki pwòp la? Ki moun ki konstwi Sal Wayòm yo e ki kote nou jwenn kòb pou n konstwi yo?

Èske w te konnen?

Bib la fè konnen gen kèk kote nan Latè pwomiz ki te chaje pyebwa. Lè n wè jan l prèske pa gen okenn pyebwa jodi a, èske se konsa sa te ye vre?