Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Fason pou nou kominike ak adolesan yo

Fason pou nou kominike ak adolesan yo

“ Lontan li te fasil pou m pale ak pitit gason m nan, men, kounye a li gen 16 an, e li vin difisil pou mwen ak mari m konnen sa l panse. Li prefere ret pou kò l nan chanm li e li prèske pa pale avèk nou. ” — MIRIAM, MEKSIK.

“ Te gen yon lè, pitit mwen yo te vrèman enterese tande tout sa m t ap di yo. Jodi a, yo adolesan, yo panse mwen pa ka konprann yo. ” — SCOTT, OSTRALI.

SI W gen pitit ki adolesan, li pwobab pou w konprann paran nou sot site la yo. Petèt, konvèsasyon w te konn fè avèk pitit ou te tankou sikilasyon machin k ap fèt byen fasil nan de sans sou yon gwo wout. Kounye a, sanble wout la bloke. Men sa Angela, yon manman k ap viv ann Itali, di : “ Lè pitit gason m nan te timoun, li te konn bonbade m ak kesyon. Kounye a, se mwen menm ki pou kòmanse konvèsasyon an. Si m pa fè sa, nou ka pase plizyè jou san nou pa gen bonjan konvèsasyon. ”

Menm jan ak Angela, petèt ou rann ou kont pitit ou a ki te konn pale anpil avè w san pwoblèm vin tounen yon adolesan ki akaryat e ki pa vle pale. Sanble malgre tout efò w fè pou w gen konvèsasyon avè l, se ti repons tou kout e ki byen frèt li ba ou. Pa egzanp, ou ka mande pitit gason w : “ Kòman w pase jounen an ? ” Li ka reponn ou byen sèk : “ Byen. ” Ou gendwa mande pitit fi w : “ Kòman lekòl la te ye jodi a ? ” Li ka monte zepòl li ba ou epi li di w : “ Pa mal. ” Li ka pa menm reponn ou lè w eseye fè konvèsasyon an mache avèk yon fraz tankou : “ Poukisa w pa pale plis ? ”

Natirèlman, gen kèk adolesan ki pa gen pwoblèm pou yo pale. Men, sa y ap di yo se pa sa paran yo ta renmen tande. Men sa Edna, yon manman nan peyi Nijerya k ap leve pitit li poukont li, sonje : “ Yon repons pitit fi m nan te konn ban m souvan lè m mande l fè yon bagay se ‘ kite m trankil. ’ ” Ramón, nan peyi Meksik, ap viv menm pwoblèm nan avèk pitit gason l lan ki gen 16 an. Men sa l di : “ Se prèske chak jou nou fè diskisyon. Kèlkeswa lè m mande l fè yon bagay, li kòmanse chèche rezon pou l pa fè sa m mande l fè a. ”

Eseye kominike avèk yon adolesan ki pa vle pale kapab mete pasyans yon paran aleprèv. Bib la rekonèt lè pa gen konvèsasyon konfidansyèl, ‘ plan travay yo p’ap mache ’. (Pwovèb 15:22.) Anna, yon manman nan peyi Risi k ap leve pitit li poukont li, fè konnen : “ Lè m pa konnen ki sa k nan lespri pitit gason m nan, sa tèlman enève m, sa fè m anvi rele ”. Poukisa paran yo ak jèn yo sanble vin pa kapab kominike ansanm ankò nan moman kote li vin pi enpòtan pou yo kominike ?

Sa k ka anpeche gen bonjan kominikasyon ?

Kominikasyon vle di plis pase annik pale. Jezi te di “ sa k nan kè yon nonm, se sa k soti nan bouch li ”. (Lik 6:45.) Kidonk, grasa bon kominikasyon nou gen ak lòt moun, nou aprann nan men yo e nou fè yo konnen kèk bagay sou nou. Li ka difisil pou adolesan yo fè konnen sa k nan kè yo. Paske menm yon timoun ki te alèz ak tout moun ka vin yon jan fèmen lè l ap antre nan peryòd kote l pral fòme. Moun ki espè nan domèn nan di an jeneral adolesan yo santi tout moun toujou ap gade sa y ap fè e yo toujou ap suiv sa y ap di. Se kòmsi yo sou yon sèn epi tout limyè brake sou yo. Se sa k fè gen kèk adolesan ki izole tèt yo yon fason pou yo evite strès sa a. Nan yon sans, se kòmsi yo ret fèmen nan yon chanm kote paran yo pa ka antre fasil.

Adolesan yo vle endepandan. Sa se yon lòt bagay ki ka bloke kominikasyon ant yo menm ak paran yo. Ou pa ka evite sa. Pitit ou a ap grandi, e youn nan etap yon moun pase lè l ap grandi se pou l vin endepandan paske gen yon lè k ap vini l ap oblije separe ak fanmi l. Sa pa vle di pou otan pitit ou a ki adolesan pare pou l kite kay la. Okontrè, nan plizyè domèn, se kounye a li plis bezwen w. Men, etap separasyon an kòmanse plizyè ane anvan timoun nan vin granmoun. Anpil adolesan pito reflechi poukont yo anvan yo di lòt moun sa yo panse, sa enpòtan pou yo vin gen matirite.

Se vre, adolesan yo ka pa fè sekrè konsa avèk adolesan parèy yo. Jessica, yon manman k ap viv Meksik, te remake sa. Men sa l di : “ Lè tifi m nan te pi piti, li te toujou vin rakonte m pwoblèm li. Kounye a, l al jwenn zanmi l yo. ” Si se menm bagay la ki rive w avèk piti ou ki adolesan, pa kouri panse li “ rejte ” w kòm paran. Okontrè, dapre sondaj ki fèt, adolesan yo bay konsèy paran yo ba yo plis enpòtans pase konsèy zanmi yo, menmsi yo pa montre sa. Men, kòman w ka fè sèten pòt kominikasyon an rete ouvè ?

Sekrè pou w reyisi : kraze baryè yo

Imajine w ap kondui sou yon wout ki long, yon wout ki tou dwat. Pandan plizyè kilomèt, se sèlman kèk ti kout volan w fè pou machin nan kontinye ale dwat sou wout la. Imajine wout la fè yon gwo koub toudenkou. Pou w ka fè machin ou an ret sou wout la, yon sèl bagay ou kapab fè se vire volan an pou w pran koub la. Se menm bagay la ou bezwen fè lè pitit ou vin adolesan. Pandan plizyè ane, petèt metòd ou te genyen pou w kominike avèk li te mande pou w fè kèk ti ajisteman sèlman. Men, kounye a, lavi pitit ou a pran yon gwo koub. Se sa k fè ou dwe vire volan an pou w ka pran koub la. Ou fè sa lè w chanje fason w kominike. Poze tèt ou kesyon ki vin annapre yo.

‘ Lè pitit gason m nan oswa pitit fi m nan dispoze pale, èske mwen menm tou mwen dispoze pale avèk li ? ’ Men sa Bib la di : “ Yon pawòl ki di nan moman apwopriye, se tankou pòm annò nan eskilti ann ajan. ” (Pwovèb 25:11, NW). Jan vèsè a di sa byen klè, moman nou chwazi pou nou kominike a enpòtan. Ann pran yon egzanp : Yon moun k ap travay tè pa ka ni fè moman rekòt la vin pi vit ni fè l vin pi ta. Sèl sa l kapab fè se ranmase rekòt la lè moman an rive. Pitit ou a ki adolesan kapab gen yon moman an patikilye kote li pi dispoze pale. Pwofite okazyon sa a pou w pale avè l. Men sa Frances, yon manman ann Ostrali k ap leve pitit li poukont li, di : “ Souvan, pitit fi m nan vin nan chanm mwen lannuit, e kèk fwa li rete pandan inèdtan. Lefètke mwen pa yon moun ki renmen dòmi ta, sa pa t fasil pou mwen, men, pandan nuit sa yo, nou te konn pale sou tout kalite bagay. ”

MEN SA W KA FÈ : Si pitit ou ki adolesan sanble pa dispoze pale, fè lòt aktivite avè l. Nou ka al mache, nou ka fè yon ti flann, nou ka jwe yon jwèt ansanm oswa nou ka fè yon travay nan kay la. Souvan, adolesan yo santi yo pi anvi pale nan anbyans rilaks sa yo.

‘ Èske mwen konprann mesaj ki kache dèyè sa pitit mwen an di yo ? ’ Men sa Jòb 12:11, (NW) di : “ Èske zòrèy pa fèt pou egzamine mo menm jan bouch fèt pou pran gou manje. ” Kounye a, plis pase nenpòt lòt lè, ou bezwen “ egzamine ” sa pitit ou ap di yo. Souvan, adolesan yo pale yon fason kategorik. Pa egzanp, pitit gason w oswa pitit fi w ka di w : “ Ou toujou ap trete m tankou yon timoun piti ! ” Oubyen li ka di : “ Ou pa janm koute m ! ” Olye w fè diskisyon pou w pwouve l li egzajere lè l di ou toujou sesi oubyen lè l di ou pa janm sela, ou bezwen rekonèt petèt sa l di w la se pa sa egzakteman li te vle di. Pa egzanp, lè l di “ ou toujou ap trete m tankou yon timoun piti ”, li kapab vle di “ mwen santi ou pa fè m konfyans ”. Lè l di “ ou pa janm koute m ”, li kapab vle di “ mwen vle di w kòman m santi m toutbon ”. Donk, se pou w eseye konprann mesaj ki kache dèyè sa pitit ou a di yo.

MEN SA W KA FÈ : Lè pitit ou ki adolesan di yon bagay ki egzajere, ou menm ou ka di l : “ Sanble w pa kontan ? Di m non, sa k fè w santi m trete w tankou yon timoun piti ? ” Apre sa, koute l san w pa entèwonp li.

‘ Èske san m pa rann mwen kont, mwen anpeche pitit mwen an pale avè m paske m ap eseye fòse l pale ? ’ Bib la di : “ Moun k ap fè lapè yo ap simen semans fwi jistis la nan lapè. ” (Jak 3:18, NW). Nan fason w pale e nan sa w fè, ou ka kreye “ lapè ”, yon fason pou pitit ou ki adolesan ka dispoze pale avè w. Pa bliye se nan enterè l ou ye. Kidonk, lè n ap pale sou yon sijè, veye pou w pa aji tankou yon avoka ki anfas li k ap akize l. Men sa yon papa ki rele Ahn k ap viv nan peyi Kore di : “ Yon paran ki saj pap di pitit li pawòl tankou ‘ ki lè w ap sispann aji tankou timoun ? ’ oswa ‘ konbyen fwa pou m di w... ? ’ Mwen te konn fè erè sa yo souvan, e mwen te remake nonsèlman fason mwen te pale avèk pitit gason m yo te konn enève yo, men sa mwen te konn di yo te konn fè sa tou. ”

MEN SA W KA FÈ : Si metòd kesyon an pa mache ak pitit ou ki adolesan, eseye yon lòt metòd. Pa egzanp, olye w mande pitit fi w kòman jounen l te ye, di l pito kòman jounen pa w te ye epi gade pou w wè sa l ap di w. Oubyen, si w bezwen konn opinyon pitit ou sou yon bagay, poze l kesyon ki pa konsène li menm dirèkteman. Ou kapab mande l sa youn nan zanmi l yo panse de bagay la. Epi, apre sa, ou ka mande l ki konsèy li ta ba li.

Li pa enposib pou w kominike avèk pitit ou ki adolesan. Ajiste metòd ou itilize pou w pale avèk pitit ou a selon bezwen l. Pale ak lòt paran ki reyisi nan sans sa a (Pwovèb 11:14). Lè w ap kominike ak pitit gason w oswa ak pitit fi w, se pou w ‘ prese louvri zòrèy ou pou w ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè ’. (Jak 1:19.) Sa k pi enpòtan, pa janm sispann fè efò pou w leve pitit ou ki adolesan nan “ disiplin ak nan avètisman Jewova ” yo. — Efezyen 6:4, NW.

MANDE TÈT OU . . .

  • Ki chanjman mwen remake lakay pitit mwen an depi lè l vin adolesan ?

  • Ki jan mwen ka amelyore kapasite mwen genyen pou m kominike avèk li ?