Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan w reyaji lè yon moun fè w yon bagay ki fè w mal?

Ki jan w reyaji lè yon moun fè w yon bagay ki fè w mal?

Ki jan w reyaji lè yon moun fè w yon bagay ki fè w mal?

ANPIL moun panse lè yon moun tire revanj, li jwenn satisfaksyon nan sa. Yo panse sa paske, pou yo menm, se yon bagay ki nòmal pou yon moun fache lè yo fè l bagay ki fè l mal. Lefètke nou gen kapasite pou nou konnen sa ki byen ak sa ki mal, lè nou sibi enjistis, nou vle pou moun ki fè nou enjistis la repare sa l fè a. Sepandan, kesyon an se ki jan pou reparasyon sa a fèt?

Byennantandi, gen plizyè bagay moun ka fè yon lòt moun ki ka fè l mal. Pa egzanp, yon moun ka bay yon lòt moun yon kalòt, li ka pouse l oswa li ka meprize l. Li ka di li vye pawòl, li ka fè vyolans sou li fizikman, li ka vòlè afè l, elatriye. Ki jan w santi w lè yon moun fè w yon bagay ki fè w mal? Anpil moun konn reyaji konsa: ‘M ap fè l peye sa l fè m nan!’

Ozetazini, gen anpil elèv primè ki konn depoze plent kont kèk pwofesè, yo konn di yo te fè yo abi, byenke se pa vre. Yo konn fè sa yon fason pou yo tire revanj sou pwofesè a paske li gendwa te disipline yo. Men sa Brenda Mitchell, prezidan sendika pwofesè yo nan Nouvèl Òleyan, di: “Pwoblèm nan, sèke, depi akizasyon an fin fèt, pwofesè a vin gen yon move repitasyon.” Menm lè yo vin dekouvri se te yon fo akizasyon, move repitasyon li vin genyen an ka suiv li.

De jou an jou, gen anpil anplwaye ki pa kontan ak patwon yo ki chèche tire revanj sou yo kote y ap travay la lè yo andomaje sistèm enfòmatik travay la oswa lè yo efase enfòmasyon enpòtan ki sou li. Gen lòt anplwaye ki vòlè sekrè konpayi kote y ap travay la e ki vann yo oswa ki annik bay lòt moun sekrè sa yo. Nonsèlman anplwaye yo vòlè fichye elektwonik, men tou yo vòlè lòt bagay kote y ap travay la. Men sa yon jounal di: “Vòl kontinye rete yon mwayen travayè yo itilize pou yo tire revanj [sou patwon yo].” ​(The New York Times). Gen kèk konpayi, lè y ap revoke yon moun, ki pran prekosyon pou yo anpeche moun sa a sabote ekipman konpayi an. Yo konn mande ajan sekirite nan konpayi an akonpaye moun nan nan biwo l, ret la jis li fin pran tout afè l epi akonpaye l ankò jis li kite lokal travay la.

Moun nou plis gen tandans tire revanj sou yo, se moun ki pwòch nou, tankou zanmi nou, moun nou gen kontak ak yo souvan ak manm fanmi nou. Lè yo fè nou yon bagay ki fè nou mal, swa yo pale mal ak nou, swa yo aji san yo pa reflechi sou konsekans aksyon yo ap genyen sou nou, souvan nou konn santi fòk nou ta tire revanj sou yo. Si yon zanmi w pale avè w yon fason w pa renmen, èske w reponn li mal poutèt li pale avè w konsa? Si yon manm fanmi w fè w yon bagay ki fè w fache, èske w chèche fason pou w fè l peye sa l fè w la? Li fasil anpil pou nou aji konsa lè moun ki fè nou mal la se yon moun ki pwòch nou.

Se yon foli pou yon moun tire revanj

Souvan, moun ki chèche tire revanj yo fè sa yon fason pou yo adousi lapenn yo te santi lè yon moun te fè yo yon bagay ki fè yo mal. Pa egzanp, Bib la di nou lè pitit patriyach Jakòb yo te aprann Chekèm, yon Kananeyen, te vyole Dina, sè yo, “sa te fè mesye yo mal anpil e yo te vin fache anpil”. (Jenèz 34:1-7, NW.) Pou Simeyon ak Levi, de nan pitit Jakòb yo, te kapab tire revanj poutèt sa k te rive sè yo a, yo te fè yon plan kont Chekèm ak tout moun lakay li. Yo te twonpe moun ki te nan vil kananeyen sa a e yo te rive touye tout gason ki t ap viv ladan l yo, san wete Chekèm. —Jenèz 34:13-27.

Èske lefètke yo te touye tout moun sa yo, sa te rezoud pwoblèm nan? Lè Jakòb te aprann aksyon pitit li yo te fè a, li te reprimande yo konsa: “Gade nan ki traka nou mete m. Kounyeya, moun ki rete nan peyi a [...] pral rayi m. [...] Si yo mete ansanm sou do mwen pou atake m, y’ap touye m ansanm ak tout moun lakay mwen.” ​(Jenèz 34:30). Olye aksyon de pitit Jakòb yo te fè a te repare sa k te pase a, sitiyasyon an te vin pi mal pou fanmi Jakòb. Kounye a, yo te oblije ap veye pou moun ki t ap viv nan zòn nan pa t atake yo. Petèt se paske Bondye pa t vle sa rive ki fè li te di Jakòb kite vil Betèl ansanm ak tout fanmi l. —Jenèz 35:1, 5.

Evènman ki te pase apre vyòl Dina a aprann nou yon leson enpòtan. Souvan, vanjans mennen vanjans. Gen yon pwovèb alman ki montre sa se vre. Dapre pwovèb sa a, lè yon moun fè vanjans, sa pa pran lontan pou lòt moun fè vanjans sou li tou.

Vanjans mennen vanjans

Lè yon moun kontinye reflechi sou fason li kapab fè yon moun peye sa li fè l, sa pa bon pou sante l. Men sa yon liv ki gen tit “Padone moun: yon fason pou w fè lapè ak pase w e pou w kontinye ak lavi w” ​(anglè) di: “Lè yon moun fè gwo kòlè, se kòmsi li gen yon dife anndan l k ap detwi l. Lè l ap reflechi sou sa k te fè l mal la, l ap joure moun ki te blese l la nan kè l e l ap planifye ki jan li pral tire revanj sou li, li pèdi tan ak enèji.” Bib la itilize yon imaj frapan pou l dekri jalouzi. Li di: “Anvye sò lòt moun [“Jalouzi”, NW] se tankou yon maladi k’ap manje ou nan zo.” —Pwovèb 14:30.

Vrèmanvre, yon moun pa ka gen lajwa si li gen lahèn ak lòt move santiman anndan kè l k ap fini avè l. Men sa yon ekriven te di: “Si w panse ‘lè yon moun tire revanj pou bagay mal yo fè l, li jwenn satisfaksyon nan sa’, gade moun ki pase dèzane nan lavi yo ap fè sa pou w wè si se vre.”

Fè yon ti reflechi sou sa ki pase yon bann kote sou tè a kote moun yo pa ka viv byen ansanm akoz pwoblèm relijyon ak pwoblèm prejije ras. Nan zòn sa yo, lè yon moun ki fè pati yon gwoup touye yon moun ki fè pati yon lòt gwoup, sa konn deklannche yon seri zak revanj youn kontinye fè kont lòt. E sa fè moun nan zòn sa yo kontinye rayi youn lòt e yo kontinye touye youn lòt. Pa egzanp, men sa yon dam ki te nan lapenn te di apre yon bonm te fin touye 18 jèn nan yon atak teworis: “Nou ta dwe fè yo menm bagay la mil fwa!” Lè konsa, moun yo vin pi mechan e vin gen plis moun ki patisipe nan vyolans lan.

“Si ou pete yon grenn je l, y’a pete yon grenn je pa ou tou”

Gen moun ki atire atansyon sou Bib la pou yo jistifye atitid yo genyen parapò ak kesyon tire revanj lan. Men sa yo konn di: “Èske Bib la pa di ‘si ou pete yon grenn je l, y’a pete yon grenn je pa ou tou. Si ou kase yon dan nan bouch li, y’a kase yon dan nan bouch pa ou tou’?” ​(Levitik 24:20). Yon moun ta ka konprann lwa sa a se yon lwa ki ankouraje moun fè vanjans. Men, an reyalite, se te yon lwa ki te fè gen mwens zak vanjans. Ki jan?

Si yon Izrayelit te frape yon Izrayelit parèy li e li te pete yon grenn je l, Lalwa te bay ki pinisyon pou moun sa a jwenn. Sepandan, se pa t viktim nan oubyen fanmi l ki te dwe pini moun ki te fè aksyon an. Lalwa te mande pou viktim nan al jwenn otorite ki etabli yo, jij yo, pou yo te fè sa k nesesè. Lefètke tout moun te konnen yon moun ki te fè yon zak kriminèl oswa yon zak vyolans t ap jwenn yon pinisyon ki menm ak sa l te fè a, sa te dekouraje yo fè aksyon konsa. Sepandan, gen plis bagay toujou ki te enplike nan kesyon an.

Anvan Jewova te bay nasyon Izrayèl la lwa n ap pale de li la a ki mande pou moun jwenn pinisyon pou bagay mal yo fè, li te sèvi ak Moyiz pou l di nasyon an pawòl nou pral site la yo: “Piga nou kenbe frè nou nan kè. [...] Piga nou tire revanj sou pèsonn.” ​(Levitik 19:17, 18). Kidonk, nou dwe analize ide ki gen nan lwa ki di “si ou pete yon grenn je l, y’a pete yon grenn je pa ou tou. Si ou kase yon dan nan bouch li, y’a kase yon dan nan bouch pa ou tou” parapò ak tout Lalwa ann antye. Jezi te di gen de kòmandman ki rezime tout kòmandman ki nan Lalwa: “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w” e “ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou”. (Matye 22:37-40.) Men, ki jan yon vrè kretyen dwe reyaji lè moun fè l bagay ki fè l mal.

Suiv chemen lapè a

Labib pale de Jewova kòm “Bondye lapè a”, e li ankouraje adoratè l yo pou yo ‘chèche lapè e pou yo pousuiv li’. (Ebre 13:20, NW; 1 Pyè 3:11, NW.) Èske chemen sa a bay bon rezilta?

Pandan ministè Jezi sou tè a, ènmi l yo te krache sou li, yo te bat li e yo te pèsekite l. Gen yon moun pwòch li ki te trayi l, e kèk nan disip li yo te menm abandone l (Matye 26:48-50; 27:27-31). Ki jan li te reyaji? Men sa apot Pyè te ekri: “Lè yo t’ap joure l, li pat reponn. Lè yo t’ap maltrete l, li pat mennase pèsonn. Men, li [te] renmèt kòz li nan men Bondye k’ap jije tout bagay san patipri.” —1 Pyè 2:23.

Pyè di: “Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.” ​(1 Pyè 2:21). Wi, Labib ankouraje kretyen yo pou yo imite Jezi, sa vle di tou yo dwe aksepte pou yo sibi enjistis. Ann amoni ak sa, men sa Jezi te di nan Sèmon sou montay la: “Renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou. Se konsa n’a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la.” —Matye 5:44, 45.

Ki jan kretyen ki gen lanmou menm jan ak Kris yo reyaji lè yon moun fè yo yon bagay ki fè yo mal? Men sa Pwovèb 19:11 di: “Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.” Yo suiv konsèy sa a tou: “Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou [w] kraze sa ki mal.” ​(Women 12:21). Èske etadespri sa a pa diferan parapò ak etadespri tire revanj moun yo genyen nan monn n ap viv la? Si nou gen vrè lanmou kretyen an nan nou, l ap ede nou konbat tandans nou genyen pou nou vle tire revanj, e konsa nou ‘pap okipe moun ki fè nou bagay ki fè nou mal’, paske, lè nou gen lanmou, nou pa “kenbe moun nan kè”. —1 Korentyen 13:5.

Èske sa vle di si nou sibi yon zak mechanste oswa petèt yon moun menase nou yon fason kèlkonk, nou ta dwe rete san nou pa fè anyen? Se pa sa ditou! Lè Pòl te di se pou kretyen yo “fè sa ki byen pou [yo] kraze sa ki mal”, li pa t vle di yon kretyen dwe yon moun k ap reziyen l kite moun fè l sa k mal. Okontrè, lè yo atake nou, li nòmal pou nou defann nou. Si moun atake nou oswa yo pran afè nou, nou gendwa chwazi pou nou rele lapolis. Si se nan travay nou oswa nan lekòl nou sa rive, nou kapab al jwenn moun ki responsab yo pou yo ede nou. —Women 13:3, 4.

Sepandan, nou dwe sonje, li ka difisil pou nou jwenn vrè jistis la nan sistèm sa a. Gen moun kòlè ap wonyen paske yo pase tout vi yo ap chèche jistis e yo pa rive jwenn li.

Satan kontan anpil lè li wè moun divize akoz tandans yo genyen pou yo chèche tire revanj e akoz lahèn (1 Jan 3:7, 8). Li pi bon lontan pou nou sonje pawòl sa yo nou jwenn nan Bib la: “Pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite.” ​(Women 12:19). Lè nou kite tout bagay nan men Jewova, n ap evite anpil lapenn ak kòlè, e nou pap fè vyolans. —Pwovèb 3:3-6.

[Antrefilè nan paj 22]

“Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w” e “ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou”.

[Foto nan paj 23]

Moun ki gen lanmou pa “kenbe moun nan kè”. —1 Korentyen 13:5.