Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TELE JW

Fason w ka itilize Chwazi videyo sou Amazon Fire TV 

Fason w ka itilize Chwazi videyo sou Amazon Fire TV 

Ribrik Chwazi videyo a, pèmèt ou gade nenpòt videyo ki sou Tele JW toutpandan w gen kontwòl sou fason videyo yo ap pase (poz, retounen, avanse, sote). Gade sèlman yon videyo oswa tout sa ki nan lis la.

(Note sa: Paramèt rimòt ou a ka pa menm ak chema rimòt yo itilize nan demonstrasyon sa a.)

Ale sou Chwazi videyo nan paj akèy la pou w ka wè tout ribrik videyo ki disponib yo. Suiv etap ki pi ba yo pou w jwenn videyo yo epi gade yo:

 Chèche yon videyo

Itilize rimòt Amazon Fire TV w la pou w gade ribrik videyo yo. Peze bouton Seleksyone a pou w antre nan ribrik ou seleksyone a.

Gen kèk videyo w ap jwenn nan plizyè ribrik. Pa egzanp, w ap jwenn videyo Tigason gaspiyè a tounen an nan ribrik Fim, Fanmi ak Jèn.

Chak liy videyo sa yo reprezante yon ribrik. Non chak ribrik parèt anlè liy lan.

Itilize rimòt ou a pou w sot nan yon ribrik al nan yon lòt:

  • Monte ak Desann pèmèt ou ale nan lòt ribrik.

  • Agoch ak Adwat ba w posiblite pou w wè videyo ki nan yon ribrik.

  • Chak ribrik gen yon opsyon Jwe tout. Seleksyone l pou w jwe tout videyo ki nan ribrik la, kòmanse nan premye a. Lè tout videyo ki nan ribrik la fin jwe, l ap kanpe.

Seleksyone yon videyo, epi paj Enfòmasyon sou videyo a ap parèt.

Seleksyone youn nan opsyon sa yo ki sou paj sa a:

  • Fè l jwe: Jwe videyo a depi nan kòmansman.

  • Jwe tout: Jwe tout videyo ki nan ribrik la, l ap kòmanse ak videyo ki seleksyone a. Lè tout videyo ki nan ribrik la fin jwe, l ap kanpe.

  • Kontinye kote l te rive a: Kontinye jwe videyo a kote w te kanpe l la.

Liy ki anba paj ki gen Enfòmasyon sou videyo yo pèmèt ou wè lòt videyo ki nan ribrik la. Peze bouton Desann pou w ale nan ribrik la, bouton Monte pou w tounen nan paj Enfòmasyon sou videyo a.

 Kontwole yon videyo k ap jwe

Lè yon videyo ap jwe nan seksyon Chwazi videyo a, ou kapab kontwole l avèk rimòt Amazon Fire TV w la konsa:

  • Fè l jwe/Poz: Mete videyo a sou poz. Peze bouton an ankò pou videyo a kontinye jwe.

  • Avanse rapid oubyen Adwat: Bouton sa a fè videyo a avanse rapid. Lè w rive kote w vle nan videyo a, peze bouton Fè l jwe a.

  • Retounen oubyen Agoch: Bouton sa a pèmèt ou fè videyo a retounen dèyè. Lè w rive kote w vle nan videyo a, peze bouton Fè l jwe a.

  • Fè bak: Bouton sa a pèmèt ou retounen nan paj Enfòmasyon sou videyo a.

 Gade nouvo videyo oswa pwogram espesyal yo

Paj akèy Tele JW a gen de ribrik espesyal nan seksyon Chwazi videyo a:

  1. Pwogram espesyal: Seksyon sa a pwopoze kèk videyo ki nan pwogram reyinyon lasemèn yo oswa ki ka itil nan adorasyon an fanmi.

  2. Nouvo videyo: Se la videyo ki fèk parèt yo ye.