Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

WATCHTOWER LIBRARY

Fè mizajou sou Watchtower Library

Fè mizajou sou Watchtower Library

Ou ka fè Watchtower Library verifye otomatikman si gen mizajou sou Entènèt, oubyen ou ka fè mizajou sou piblikasyon yo ak atik yo poukont ou, alamen nan Watchtower Library pa mwayen yon fichye ki gen yon lis mizajou.

Verifye si gen mizajou otomatikman

Suiv etap sa yo pou w fè Watchtower Library verifye si gen nouvo mizajou sou Entènèt pou piblikasyon yo e pou atik yo.

  1. Klike bouton Bibliyotèk la, apre sa, klike Reglaj pou w ka ouvri fenèt Reglaj bibliyotèk la.

  2. Nan fenèt Reglaj bibliyotèk la, klike sou Mizajou yo epi tcheke ti kare ki di Telechaje mizajou yo otomatikman an.

  3. Depi gen yon mizajou ki disponib sou Entènèt, w ap resevwa yon mesaj k ap mande w si w ta renmen telechaje l. Klike Wi pou w pèmèt Watchtower Library telechaje mizajou a epi enstale l.

Fè mizajou sou Watchtower Library alamen

Ou ka fè mizajou alamen sou Watchtower Library lè w enstale yon fichye ki gen yon lis mizajou. Pou w ka gen dènye lis la, ekspòte l nan yon vèsyon Watchtower Library ki ajou oubyen telechaje l grasa bouton ki nan paj sa a.

Ekspòte yon lis mizajou

Suiv etap sa yo pou w kreye yon fichye ki gen yon lis mizajou:

  1. Klike Èd nan Watchtower Library, apre sa, klike sou Lis mizajou pou enstale alamen apre sa, klike sou Kreye yon lis mizajou.

  2. Chwazi yon kote pou w anrejistre fichye ki gen lis mizajou sa a, apre sa klike Anrejistre (Save). Lè sa a, Watchtower Library ap kreye yon lis mizajou sou fòm yon fichye ki fini ak “.updatepkg”.

Telechaje yon lis mizajou

Klike sou bouton ki anba a pou w verifye si gen yon mizajou pou Watchtower Library ki disponib pou lang ou. Si gen youn, suiv mesaj yo pou w ka anrejistre fichye a sou òdinatè w.

Enstale yon lis mizajou

Pou w ka fè yon mizajou nan Watchtower Library alamen pa mwayen yon lis mizajou, suiv etap sa yo:

  1. Pandan w nan Watchtower Library, klike sou Èd, apre sa, klike sou Lis mizajou pou enstale alamen epi, klike sou Enstale lis mizajou a.

  2. Nan fenèt ki ouvri a, al nan fichye ki fini ak “.updatepkg” la. Seleksyone fichye a epi klike sou Ouvri (Open) pou w ka enstale mizajou yo sou Watchtower Library.