Al gade sa k anndan l

9 FEVRIYE 2021
PAPWAZI NOUVÈL GINE

Tradiksyon monn nouvo a parèt nan lang irimotou

Tradiksyon monn nouvo a parèt nan lang irimotou

Frè Kegawale Biyama, ki nan komite filyal Papwazi Nouvèl Gine, te anonse Labib – Tradiksyon monn nouvo a disponib kounye a nan lang irimotou. Yo te anrejistre pwogram nan nan filyal Temwen Jewova yo nan vil Pò Moresbi e apre sa te gen plis pase 7 000 moun ki te gade l anmenmtan pa mwayen Entènèt nan dat ki te 28 novanm 2020 an.

Papwazi Nouvèl Gine se peyi kote yo pale plis lang nan monn nan. Yo pale anviwon 840 lang nan peyi sa a. Irimotou se youn nan twa lang ofisyèl peyi sa a. Gen anviwon 140 000 moun ki pale lang sa a.

Frè Kukuna Jack, ki nan komite filyal la, di: “Sa gen lontan depi moun ki pale irimotou ap tann tradiksyon sa a. Nou konnen y ap renmen Tradiksyon monn nouvo a paske li senp e li fasil pou moun konprann.”

Yon ekip ki gen sis tradiktè te travay pandan dizan sou pwojè a. Men sa youn nan tradiktè yo di: “Pa gen dout nan sa, moun ki pral li l yo ap kontan wè non Bondye nan Bib la soti Jenèz pou rive Revelasyon. Nou di Jewova mèsi pou tradiksyon Labib sa a ki se yon kado!”

Lè n ap reflechi ak tout travay ki te fèt pou nou gen nouvo tradiksyon sa a, nou santi nou menm jan ak pwofèt Ezayi ki te di: “O Jewova, w ap fè nou jwenn lapè, paske se ou ki ban nou fòs pou nou fè tout sa n ap fè.” — Ezayi 26:12.