Al gade sa k anndan l

12 JEN 2020
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Frè ak sè nan peyi Wannda ak Zimbabwe resevwa manje pandan pandemi an

Frè ak sè nan peyi Wannda ak Zimbabwe resevwa manje pandan pandemi an

Filyal peyi Wannda ak Zimbabwe, ansanm ak ansyen k ap sèvi nan kongregasyon ki nan peyi sa yo, ap travay ansanm pou yo asire yo frè ak sè k ap fè fas ak gwo pwoblèm ekonomik akoz pandemi kowonaviris la jwenn sa yo bezwen pou yo viv.

Wannda

Nan dat 2 avril 2020 an, Komite filyal peyi Wannda a te voye yon lèt pou ansyen yo pou l mande yo chèche wè ki frè ki sè nan kongregasyon an ki pa gen ase lajan pou pran swen tèt yo akoz pandemi an epi pou yo ede yo. Se konsa, ansyen yo nan tout peyi a te kòmanse fè aranjman pou yo bay frè ak sè sa yo manje ak lòt bagay yo bezwen pou yo viv.

Rive zòn 15 avril, filyal peyi Wannda a te gentan fòme 31 komite sekou. Komite sekou yo te distribiye pwodui tankou diri, pwa, farin mayi, sèl, sik ak luil pou fè manje bay fanmi ki nan bezwen yo. Rive jodi a, plis pase 7 000 fanmi gentan resevwa manje ak lòt pwodui pou ede yo pandan pandemi an.

Men sa sè Nizeyimana Charlote te di apre li menm ak twa pitit gason l yo te fin resevwa manje ak lòt bagay yo te bezwen: “Mèsi anpil pou èd nou kontinye ban nou, ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl, pandan peryòd sa a ki difisil anpil akoz pandemi kowonaviris la. Nou pa gen mo pou n di nou jan n santi nou.”

Yon lòt frè te rakonte sa k te rive jou yo te di l gen manje ak lòt pwodui ankò ki disponib pou fanmi l. Li di: “Nan jou sa a, madanm mwen te endispoze akoz li pa t manje ase. Sanzatann, yon frè rele m pou l fè m konnen gen aranjman ki fèt pou m resevwa manje pou fanmi m. Se pa ti sezi m te sezi. Mwen te pase tout nuit lan ap remèsye Jewova.”

Zimbabwe

Akoz pandemi COVID-19 la, sitiyasyon an vin pi difisil nan Zimbabwe paske te deja gen rate manje nan peyi a.

Filyal peyi Zimbabwe a te nome senk komite sekou pou òganize travay sekou a. Anplis de sa, filyal la te fè aranjman pou pwoklamatè yo bay manje ak lòt bagay ankò pou ede frè ak sè ki nan bezwen yo. Komite sekou yo bò kote pa yo te distribye manje sa yo ak lòt pwodui sa yo.

Rive jodi a, komite a gentan fè 7 319 pwoklamatè jwenn 62 669 kilo (138 162 liv) mayi an gren, 6 269 lit luil pou fè manje, 3 337 kilo (7 356 liv) kapenta (pwason seche), ak 5 139 kilo (11 329 liv) pwa.

Gen yon mari ak madanm li k ap etidye Labib e ki asiste reyinyon ki fèt nan kongregasyon an regilyèman ki te vin gen bezwen manje. Sa te vrèman touche yo lè frè k ap etidye Labib avèk yo a te pote manje pou yo. Men, yon jou anvan yo te resevwa manje a, pastè legliz yo ye a te kontakte yo. Pastè a te mande yo pou yo fè ofrann pou li menm ak madanm li ka al fè pwovizyon. Lè koup la te wè gwo diferans ki genyen ant Temwen Jewova yo ak pastè legliz yo a, yo te tou pran desizyon fè retire non yo nan lis manm legliz la.

Nou gen konfyans Jewova ap kontinye beni travay sekou a ki pèmèt frè ak sè nan peyi Wannda ak Zimbabwe yo resevwa sa yo gen bezwen. — Travay 11:29.