Al gade sa k anndan l

28 desanm 2022
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

JW.ORG gen dizan — 1ye pati

Videyo ak piblikasyon ki baze sou Bib la disponib sou fòma elektwonik

JW.ORG gen dizan — 1ye pati

Jan yon rapò te gentan fè konn sa, 2022 fè 25 an depi Temwen Jewova yo gen yon sit Entènèt ofisyèl. Men, nan dat ki te 27 out 2012 la, sa gen dizan, nou te fè kèk chanjman sou sit la, e se konsa jw.org te vin parèt. Seri atik sa a ki gen twa pati pral montre ki jan plizyè milyon moun te jwenn byenfè grasa chanjman sa yo.

Videyo: Nan kongrè ki te fèt an 2012 la, de premye epizòd nan yon nouvo seri ki gen tit Fè zanmi ak Jewova te soti sou DVD. Men, anpil moun te kòmanse pa itilize DVD ankò epi li te koute chè pou yo fè yo. Lè sit Entènèt ki te gen chanjman yo te fè yo te vin disponib sou Entènèt ann ete 2012, sa te fè vin gen yon pi bon mwayen pou fè moun yo jwenn videyo yo. Se sa k fè, an Janvye 2013, twazyèm epizòd nan seri Fè zanmi ak Jewova ki gen tit Priye toutan te soti sou fòma elektwonik sou jw.org. Depi lè sa a gen plis pase 40 epizòd ki gentan soti.

Videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? la te soti sou fòma elektwonik tou an 2013. Videyo sa a te vin yon zouti ki itil anpil nan travay predikasyon an, e yo mete l nan Bwat zouti pou anseye a. Depi lè sa a, videyo ki parèt sou jw.org yo ede nou anpil nan travay predikasyon an. Pa egzanp, pandan kanpay nou t ap fè nan mwa out 2014 la, kote nou t ap distribye yon feyè ki te ankouraje moun al sou jw.org, moun yo telechaje oswa gade anviwon kenz milyon videyo.

Youn nan frè ki te travay nan fè jw.org la di: “Sa ranfòse lafwa nou pou n wè jan Jewova te prepare nou pou evènman ki t ap gen pou rive yo. Nan moman sa a, nou pa t janm panse efò nou t ap fè pou mete yon lòt mwayen pou distribye videyo t ap vin gen tout enpòtans sa a annapre.” Pa egzanp, Tele JW te parèt an oktòb 2014, e yo te telechaje plis pase 37 milyon videyo mwa sa a. Lè pandemi kowonaviris la te kòmanse an 2020, moun yo te telechaje oswa gade plis videyo toujou sou jw.org. An 2022, an mwayèn, yo telechaje plis pase 260 milyon videyo chak mwa sou jw.org.

Piblikasyon sou fòma elektwonik: Nan ane ki sot pase yo, anpil lektè te vin prefere li piblikasyon yo sou Entènèt oubyen grasa yon aplikasyon ki sou aparèy mobil yo olye yo li l sou fòma enprime. Lè jw.org te parèt an 2012, moun yo te kapab li peryodik yo sou Entènèt, e byen souvan, anvan yo rive jwenn peryodik ki enprime yo. Travay pou yo pwodui piblikasyon sou fòma elektwonik pou sit Entènèt la te fè li vin pi fasil pou yo te vini ak aplikasyon JW Library a an 2013. Aplikasyon an ak sit Entènèt la se de bèl zouti k ap ede moun li epi etidye piblikasyon yo sou fòma elektwonik yo.

Okòmansman, lè yon piblikasyon te soti nan kongrè rejyonal, nou te oblije tann jis mwa janvye ane ki vin apre a pou l disponib sou sit Entènèt la oswa sou aplikasyon JW Library a. Men, nan kongrè rejyonal ki te fèt an 2015 lan, moun ki te la yo te kontan lè yo te fè yo konnen yo ka telechaje piblikasyon ki soti nan kongrè yo tousuit sou fòma elektwonik. Sa ki gen ladan l liv Jezi se chemen an, verite a, lavi a, bwochi Retounen vin jwenn Jewova, ansanm ak videyo Ki sa vrè lanmou an ye? Nan ane ki vin apre a, nan pwogram Tele JW mwa me 2016 la, frè Anthony Morris yon manm Kolèj santral la te fè konnen bwochi Repons 10 kesyon jèn yo konn poze a parèt epi li te fè konnen moun yo te ka telechaje l tousuit. Se te premye fwa yo te pibliye yon piblikasyon pou tout frè ak sè yo nan lemonnantye anmenmtan.

Òganizasyon Jewova a te toujou itilize teknoloji pou preche bòn nouvèl la e pou soutni frè ak sè yo. Nou kontan pou n wè jan sit Entènèt jw.org la itil pou fè tout moun jwenn “manje nan bon moman”. — Matye 24:45.

  • Kantite videyo moun telechaje chak mwa.

  • Rapò pou chak mwa ki fè konnen kantite moun ki al sou sit la chak jou.

  • Priye toutan te parèt, janvye 2013.

  • Aplikasyon JW Library a parèt, oktòb 2013.

  • Kanpay mondyal avèk feyè pou ankouraje moun al sou jw.org, out 2014.

  • Tele JW kòmanse parèt, oktòb 2014.

  • Piblikasyon ki soti nan kongrè yo disponib sou fòma elektwonik, me 2015.

  • Repons 10 kesyon jèn yo konn poze a soti nan lemonnantye, me 2016