Al gade sa k anndan l

14 DESANM, 2021
ETAZINI

Yon seri gwo tònad fè dega nan sid ak nan sant Etazini

Yon seri gwo tònad fè dega nan sid ak nan sant Etazini

Jou ki te 10 desanm 2021 an, gen yon seri tònad ki te frape uit Eta nan sid ak nan sant Etazini. Tònad sa yo lakòz anpil dega kote yo pase yo, dega yo te rive sou yon longè 402 kilomèt (250 mil). Tònad sa yo lakòz moun mouri, e gen kay ki kraze. Se Eta Kenntèki ki plis kraze.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Pa gen okenn nan frè ak sè nou yo ki blese oswa mouri.

  • 31 pwoklamatè deplase kite kay yo.

  • 10 kay sibi ti domaj.

  • 3 kay sibi gwo domaj.

  • 9 kay kraze nèt.

Dispozisyon pou pote èd

  • Siveyan sikonskripsyon ak ansyen ki nan zòn sa yo ap ede frè ak sè ki afekte yo.

  • Toutpandan yo t ap bay èd sa yo, yo te veye pou yo respekte prekosyon yo dwe pran kont Covid-19 la.

Nou gen konfyans Jewova gen anpil konpasyon pou frè ak sè nou yo k ap soufri apre katastwòf natirèl la. — Ezayi 63:9.